35 medsen ak syantifik Ayisyèn ou dwe konnen – HB News


3 avril, se jounen pou selebre mouvman fanm ayisyèn

Mwa Listwa Fanm se yon evènman anyèl ki mete limyè sou kontribisyon fanm atravè listwa ak nan sosyete modèn yo. Yo selebre evènman sa mwa Mas nan peyi loksidan, akoz jounen 8 Mas ki make Jounen Fanm nan lemonn antye.

Ayiti gen jounen pa l li selebre mouvman fanm ayisyèn, se le 3 Avril. Nou remake nan kominote Ayisyèn k ap viv Ayiti kou lòt bò dlo, nan moman selebrasyon istwa fanm epi pandan tout lane a, pou rezon istorik, patriyakal ak rasis, kontribisyon fanm Ayisyèn pwofesyonèl ak syantifik gen gwo difikilte pou jwenn plas nan deba piblik. Sitiyasyon fanm Ayisyèn kòm pwodiktris ak objè konesans sou lasante gen anpil enpòtans nan kad travay refleksyon mwen ki vize avansman ekite nan sante.

Listwa mouvman fanm ayisyèn montre espas pwodiksyon konesans, se youn nan premye espas grandèt feminis yo te anvayi pou fè pledwari pou dwa tifi ak fanm, espesyalman dwa yo genyen a lasante. Nou konstate sa nan komansman ofisyèl mouvman feminis Ayiti, atravè premye aksyon entèlèktyèl ak militant pitit fi Georges ak Eugenie Sylvain te poze. Men kiyès gwoup sè Sylvain yo te ye:

  1. Suzanne Comhaire-Sylvain (1898-1975), premye fanm ayisyèn Antwopològ ak lengwis ;
  2. Madeleine Sylvain Bouchereau (1903-1970), premye fanm ayisyèn doktè nan sosyoloji. Inisyatris premye mouvman feminis òganize Ayiti ki te rele Ligue Feminine d’Action Sociale nan lane 1934; ak
  3. Yvonne Sylvain (1905-1989), premye fanm doktè nan medsin Ayiti.

Se nan lide sa, pou Jounen Nasyonal Mouvman Fanm Ayisyèn le 3 Avril 2022, m ap envite n dekouvri ak selebre 35 fanm ki fèt Ayiti oswa ki gen paran Ayisyen ki rive dekwoche pi gwo diplòm inivèsite yo ofri nan domèn yo.

Gras ak pasyon pou edikasyon, medam sa yo rive pote kontribisyon wololoy nan domèn sante piblik, sante popilasyon, rechèch medikal, nan newosyans[1] ak syans byokonpòtmantal[2] nan nivo entènasyonal.

Nou ka dekouvri akonplisman pwofesyonèl yo ak kontribisyon yo, swa atravè pwogram sante ak sosyal yo kreye, dokiman yo pibliye, oswa militans yo, pou garanti lasante ak byennèt pou tout moun.

Lideyal se ta kreye pwogram mantora manch long ki gratis, pou pèmèt kokennchenn pwofesyonèl sa yo (sak vivan yo)  ta gide jenn fanm k ap leve Ayiti kou lòtbò dlo ; pou ede yo pi byen chwazi karyè yo, epi pran kontwòl desten yo nan mond la. Men annatandan sa posib, ann dekouvri kiyès medam sa yo ye. Nan lis sa, non medam yo klase nan lòd alfabetik. Klike sou non yo pou n li plis:

  1. Stenia Accilien, M.D, Premye etidyant fanm nan College of Medicine nan Florida State University ak fanm Ayisyano-Amerikèn yo asekte nan pwogram rezidans nan Newochiriji (University of Arkansas College of Medicine) Ozetazini.
  2. Michaele Amedee Gedeon (desede), MD, MPH, Premye fanm minis nan Ministè Sante Piblik ak Sante Popilasyon Ayiti. Ansyèn Prezidant La Kwa Wouj Ayisyèn ak Dwayèn Fakilte Medsin nan UNIFA. Li te goumen anpil pou ranfòse medsin ijans Ayiti.
  3. Cynthia E. Armand, M.D., Pwofesè Newoloji ak Chèchèz sou migrèn nan Albert Einstein College of Medicine School of Medicine. Li itilize miltimedya anpil pou fè edikasyon sou migrèn, NYC, USA.
  4. Sophie M. Balzora, M.D, Medsen Gastwo-Antewològ. Pwofesè Klinisyèn nan Medsin Entèn k ap milite tou pou ekite swen nan domèn kansè kolon nan New York University Grossman School of Medicine, NYC, USA
  5. Alexandra Bastiany, M.D., FRCPC, DRCPSC, Premye fanm Nwa ki vin tounen Medsen Kadyològ entèvansyon (emodinamisyèn) k ap travay nan Centre régional de santé de Thunder Bay, nan Ontario. Dr. Yvette Bonny sete mantò l nan Inivèsite Monreyal. Dr. Bastyany se yon ansyèn benevòl nan La Maison d’Haïti nan Monreyal. L ap milite pou divèsite nan medsin Canada.
  6. Gilberte Bastien, Ph.D., Sikològ Pwofesè Adjwent ak Direktris Asosye nan Biwo Global Health Equity nan Morehouse College School of Medicine, Georgia, USA.
  7. Nadia Biassou, M.D, Ph.D., Medsen Radyològ, Klinisyèn ak Chèchèz ki responsab Integrative Neuroscience of Communication (THINC) nan National Institute on Deafness and Other Communication Disorders (NIDCD) nan NIH nan Maryland, USA.
  8. Josette Bijoux, M.D, MPH, Medsen Spesyalize nan Sante Piblik. Ansyèn Minis Sante ak Popilasyon Ayiti. Nan Sid peyi a, travay li ede redui pousantaj fanm k ap akouche ak timoun piti k ap mouri. Li ede elimine maladi tankou polyo, koklich, difteri ak lawoujòl an Ayiti.
  9. Yvette Bonny, M.D, Medsen Pedyat Ematològ ak Pwofesè retrete nan Université de Montreal. Diplome nan Fakilte Medsin ak Famasi nan Inivesite Leta Ayiti, li reseswa plizyè meday kòm premye doktè ki reyisi operasyon grèf mwal zo sou timoun nan Kebèk, Canada.
  10. Yolande Charles, M.D, Medsen Jinekològ-Obstetrisyèn. Premye Ayisyèn ki resevwa tit “Fellow” nan College Royal des Médecins Canadiens. Li kontribye nan mete kanpe sèvis depatman jinekoloji nan Cité de la Santé nan vil Laval. Aktyèlman li se Prezidant nan Fondation des Médecins Canado-Haïtiens, Canada.
  11. Marie Nancy Charles Larco, M.D, Medsen Dyabetològ, Champyòn nan domenn prizanchaj maladi dyabèt Ayiti. Li se Kofondatris ak Direktris Egzekitif FHADIMAC, Ayiti.
  12. Magdala Cherry, M.D, Medsen Entènis, Fondatris “Not JustABlackBody”, yon mouvman pou onore memwa moun Nwa ki pèdi lavi yo akoz rasis medikal nan Etazini pandan pandemi KOVID-19, New Jersey, USA.
  13. Jessie M. Colin, Ph.D., RN, Enfimyè, Ansyèn Pwofesè Syans Enfimyè ak Direktris pwogram doktoral nan syans enfimyè nan Barry University, Miami, USA. Travay rechèch li fèt sou konsekans patènalis sou sante fanm Ayisyèn.
  14. Lise Marie Dejean, M.D, Medsen Jinekològ, Militant pou dwa fanm Ayiti, li se kofondatris SOFA. Yon chanpyòn nan kesyon sante fanm Ayiti.
  15. Marie Marcelle Deschamps, M.D, Medsen Enfeksyològ. Manm fondatris sant GHEKIO. Deschamps se yon klinisyèn ak chèchèz nan domenn enfeksyolojik ki se yon pyonyèz nan lit kont SIDA Ayiti. Li lite anpil tou kont vyolans sou tifi ak fanm.
  16. Jessy Devieux, Ph.D., Sikològ Sante, Pwofesè-Chèchèz nan domèn sante piblik nan Florida International University. Travay rechèch li chita sou sante seksyèl kay jèn Ayisyèn Ayiti ak nan Etazini, Miami, USA.
  17. Tamarah Duperval-Brownlee, M.D, MPH, Medsen espesyalis nan sante piblik. Ofisyè an chèf kesyon sante nan Accenture. Nan antrepriz sa, Dr. Duperval-Bronlee responsab inovasyon nan estrateji  pou amelyore  sante, sekirite ak byennèt estaf la nan lemonn antye.
  18. Martine Elie, Ph.D. CCC-SLP, Otofonis ak Responsab Rechèch ak Evalyasyon nan Qatar Foundation nan vil Doha, Qatar. Li se ansyèn pwofesè ak direktris nan klinik òtofoni nan Howard University. Rechèch li santre sou langaj timoun, kesyon bilenguis ak miltikiltiralite, evalyasyon ak tretman popilasyon ki soti nan divèsite lenguistik ak kiltirèl, sitou sak pale Kreyòl Ayisyen yo.
  19. Pascale Yola Heurtelou Gassant, M.D, Medsen Pedyat Onkològ, Kofondatris FHACI. Se li ki mete kanpe yon sèvis onkolojik nan lopital pou timoun : Nos Petits Frères et Sœurs Ayiti.
  20. Jacqueline Gauthier, M.D, Medsen Pedyat, Pwofesè Enfeksyoloji nan Fakilte Medsin ak Famasi nan Inivèsite Leta Ayiti. L ap dirije Lopital Saint Damien li te ede mete kanpe pou timoun defavorize Ayiti. Li se kofondatris FHACI, Ayiti.
  21. Marie-Denise Gervais, M.D, Medsen Lafanmi, Diplome nan Fakilte Medsin ak Famasi nan Inivèsite Leta Ayiti. Pwofesè Adjwent pou Klinik, Asistant Dwayèn pou admisyon, pou divèsite nan University of Miami Miller School of Medicine. Li se defansè kominote Ayisyèn nan sid leta Florid, USA.
  22. Paule Valery Joseph, CRNP, Ph.D., Enfimyè Syantifik, Envestigatris Prensipal ak Direktris nan Laboratwa SensoMet nan National Institute on Alcohol and Alcoholism. Rechèch li santre sou relasyon ki gen ak dezòd sansoryèl ak maladi. Maryland, USA.
  23. Nicole Magloire (desede) M.D, Medsen Jinekològ, Militant Dwa Fanm, Chanpyòn koze dwa sante fanm, Ayiti.
  24. Cherlie Magny-Normilus, Ph.D., FNP-BC, Enfimyè Syantifik nan Boston College, Envestigatris Prensipal nan ra Etid Sou Dyabèt kay Ayisyen nan Boston, USA.
  25. Marie-Francoise Megie, M.D, Medsen Lafanmi, Ansyèn Pwofesè-Agreje nan Université de Montréal. Diplome nan Fakilte Medsin ak Famasi nan Inivèsite Leta Ayiti. Senatris nan Monreyal, Kanada.
  26. Rhoda Moise, Ph.D., CYT, Epidemyolojis Molekilè nan University of Pennsylvania, Atis Miltimedya. Envestigatèz Prensipal nan Etid sou baryè ak fasilitatè prevansyon ak kontwòl kansè kòl matris kay medam ayisyèn, USA.
  27. Guerda Nicolas, Ph.D., Sikològ, Pwofesè Sikoloji nan University of Miami, Vizyonè. Manm fondatris Ayiti Trust, Rebati Sante Mantal ak CANPA.
  28. Christina Pardo, M.D, Medsen Jinekològ-Obstetrisyèn, Fondatris ak Direktris Divizyon Ekite nan Sante nan Depatman Jinekoloji ak Obstetrik nan SUNY Downstate. Defansè sante fanm ayisyèn nan New York, USA.
  29. Jeanne Philippe (desede), M.D, Medsen Newosikyat, Ansyèn Presidant Asosyasyon Medikal Ayisyen. Teyorisyèn nan etnosikyatri. Chanpyòn kont estigmatizasyon sante mantal Ayiti.
  30. Guitele Rahill, LCSW, Ph.D, Travayèz Sosyal Klinisyèn, Pwofesè Chèchèz Agreje nan Travay Sosyal nan University of South Florida. Kofondratris laboratwa SWIRL ki travay sou kòz vyolans baze sou jan (VBG) gen nan peyi apovri yo, Tampa, USA.
  31. Ginette Riviere Lubin, M.D, Medsen espesyalize nan Sante Piblik. Se li ki te mete kanpe sèvis matènite nan OFAMA. Pandan l te minis kondisyon fanm Ayiti, se administrasyon l li an ki te demare demach pou vòt “Loi sur la Paternite Responsable” (Lwa sou patènite responsab), Ayiti.
  32. Gemima St. Louis, Ph.D., Sikològ, Pwofesè Sikoloji Klinik. Fondatris ak ansyèn kodirektris Center for Multicultural and Global Mental Health ak ansyèn Direktris African Caribbean Mental Health Concentration nan William James College, Boston, USA.
  33. Sally Bernardina Seraphin, Ph.D, Pwofesè Newosyans nan Trinity College, Connecticut, USA. Li mete kanpe premye laboratwa andokrinoloji sou teren nan Forè Budongo, Uganda an Afrik.
  34. Martine Solages, M.D, Medsen Pedosikyat, Ofisye Medikal Senyò ak Chèk Ekip Klinik nan Food and Drug Administration (FDA) nan rejyon Washington DC, USA.
  35. Yvonne Sylvain (desede), M.D, Anseyant, Atis ak Medsen Jinekològ-Obstetrisyèn. Li se premye fanm diplome nan lekòl Medsin ak Famasi Ayiti. Li poze premye wòch dife nan konba ofisyèl pou sante fanm Ayisyèn. Se lanmò sanzatann manman l, ki pouse l al etidye lamedsin a laj 28 tan. Se li k te entwodui aneztezi pou fanm k ap akouche Ayiti. Li te aktiv anpil ansanm ak sè l yo, nan mouvman feminis Ligue Féminine d’Action Sociale (LFAS). Epi l te konn pibliye refleksyon ak rechèch li sou koze medsin nan jounal yo, ki te rele La Voix des Femmes. Travay rechèch li te santre sou maladi ou trape nan fè bagay, mòtalite enfantil ak enfètilite kay fanm. Li te konn edike pasyant li yo pou yo fè planin familyal. Li te pibliye etid tou sou remèd fèy.

An konklizyon, nou ka di pakou ak aksyon pwofesyonèl fanm ayisyèn sa yo parèt yon temwanyaj, ki montre envestisman masif, nan edikasyon inivèsèl gratis, soti nan lekòl preskolè rive nan inivèsite se yon wòch dife pou byennèt ak lasante nan kominote nou.

Mwen di gwo mèsi ak Anderson Pierre ki te reli ak prepare kolaj foto atik sa.

Dr. Judite Blanc, Ph.D

Pwofesè Chèchèz Adjwent nan Sikyatri ak Syans Konpòtman

University of Miami Miller School of Medicine



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.