Agwonòm lan te soufri fimozis. Kou l fin sikonsi, pwoblèm lan rezoud. – HB News


Madanm li satisfè. Li menm tou.

 Agwonòm Moïse Larose te toujou gen gwo pwoblèm lè l ap fè bagay.

« Chak lè m an ereksyon, li te toujou difisil pou mwen pou peni m kale, Larose di. Prepis mwen vin ratresi li konn menm rive blese lè gen twòp fwotman. Lè konsa mwen bay vag san ni mwen, ni patnè seksyèl mwen pa satisfè ».

An reyalite, syantifik yo rele malèz sa fimozis (phimosis an fransè).

Aprè sikonsizyon li, Moïse pat janm gen pwoblèm sa yo ankò. « Okontrè, se tankou m potko janm konn fè bagay avan sa. Plezi a te vin yon lòt jan. Madanm mwen tou te di m bagay yo chanje. »

Sikonsizyon an se yon operasyon chirijikal ki retire prepis peni an – kouvèti ki kouvri pati siperyè ògàn jenital gason yo. Gen sikonsizyon jeneral ki retire tout prepis la nèt ; gen sikonsizyon pasyèl ki retire sèlman yon pati ladan l. Pasyan an ka chwazi ki tip sikonsizyon l ap fè, konsa tou lopital la ka pwopoze l youn, sa pral depann de rezon ki fè pasyan an chwazi sikonsi a.

Lire aussi: Se faire circoncire dans une salle d’opération à Port-au-Prince

Anpil moun sikonsi pou rezon relijye. Sa rive souvan kay Mizilman yo ak Jwif yo. Gen moun ki konn sikonsi tou pou rezon kiltirèl. Gen kilti ki konn pa dakò moun fè l tou. Pa egzanp, Grèk yo pat konn dakò sikonsizyon lakay yo. Yo te konn di se esklav ak baba ki fè bagay sa. Women yo bò kote pa yo te konn bay gwo sanksyon ak moun ki sikonsi, selon yon rechèch syantifik ki pibliye sou sit Journals Open Edition.

Paralèlmam, gen moun se pou rezon sanitè yo chwazi sikonsi. Operasyon sa ede yo konbat maladi tankou fimozis, balanit ak enfeksyon. Li ka ede yo redui chans pou trape kèk maladi tankou VIH oubyen kansè nan koulout.

Nan yon atik HB News te fè sou sikonsizyon nan lane 2019, doktè Whatson Exantus, iwològ, te konstate Ayisyen pa renmen sikonsi. Selon chif yo, mwens ke 3% Ayisyen fè ablasyon prepis yo nan tout peyi a. Poutan, selon plizyè temwayaj, chiriji an pa konplike ditou, epi li bay anpil avantaj sou plan sanitè ak seksyèl.

Yon operasyon senp

Moïse Larose, 36 lane, te sikonsi aprè l fin marye. « Mwen fè operasyon sa an 2020. Lè sa mwen te gen 35 lane. Avan operasyon an mwen te pè. Men mwen te dekouvri aprèsa li pat konplike pase sa. Tout bagay te pase byen », agwonòm nan rankonte.

Avan Moïse pran randevou pou opere, lopital la te fè tès san pou li, tès VIH epi gade si sante l pa frajil. « Lè yo banm rezilta yo, tout tès te negatif. Doktè a tou banm randevou pou m vin opere. Li di m pou m pa manje jou operasyon an. Jis bwè yon bwason ki sikre, ki gen anpil glikoz ». Jèn mesye marye a pat fè tèt di.

Medsen vetirinè a di li sonje kou jodi a tout dewoulman operasyon an. « Lè mwen antre nan sal operasyon an, doktè a banm yon blouz pou m mete. Mwen kouche sou kabann nan sou do. Li ban m 5 piki anestezi lokal nan wondèl pati siperyè peni m. Yo pat fè m mal. Se tankou se te yon foumi ki te mòde m. Epi doktè a ak enfimyè a t ap ban m blag tou ; yon fason pou m pat estrese ».

Aprè kèlke minit, jèn gason 36 lane a pat gen okenn sansasyon nan peni l. Anestezi yo te mache. « San pran tan, doktè a koupe tout prepis la ak yon bistouri, Moïse temwanye. Se sa yo rele sikonsizyon total al. Mwen pat gen okenn doulè. Yo te dakò mwen swiv tout pwosesis yo. Operasyon sa te dire anviwon 45 minit ».

Bò kote pa l, Kenson Joseph di sikonsizyon se premye operasyon li te sibi nan lopital. Daprè temwayaj li, se madanm li ki te ankouraje l sikonsi aprè yo fin marye septanm 2020. « Tout bagay te pase byen nan lopital la. Operasyon an pat banm okenn pwoblèm. Men mwen te toujou gen gwo doulè chak maten lè m gen ereksyon », Joseph sonje.

Mwen fè operasyon sa an 2020. Lè sa mwen te gen 35 lane. Avan operasyon an mwen te pè. Men mwen te dekouvri aprèsa li pat konplike pase sa. Tout bagay te pase byen

Se te pratikman menm bagay la ki te rive Moïse Larose. « Aprè operasyon an, doktè a koud mwen epi li panse m. Mwen pat gen okenn doulè jiskaske m antre lakay mwen. Men premye semèn aprè operasyon an, mwen te mande Bondye lanmò chak fwa mwen gen ereksyon. Doulè a pat piti ditou. Men sa te kòmanse chanje aprè yon semèn. Lè sa a, plè a te kòmanse sikatrize », agwonòm nan raple l.

Aprè operasyon an, doktè te preskri mesye yo konprime, pomad antibyotik epi ba yo randevou pou yo vin panse chak 3 jou. Sa te dire 22 jou anviwon.

Avantaj bab ak moustach

Lè yon gason pa sikonsi, gen yon sibstans ki konn kaye tou blanch nan glann nan ki rele smegma. Selon plizyè etid, smegma a ka bay enfeksyon epi kansè tou. Selon sa Kenson Joseph rakonte nou, sa te konn rive preske tout tan li gen enfeksyon. « Doktè ki te opere m nan di sa souvan rive moun ki pa sikonsi. Rezon an se paske prepis la lakoz glann nan konsève anpil smegma ».

Selon yon etid kèk enfektyològ mennen pou Allo Docteurs fevriye 2015, yon moun ki pa sikonsi ki toujou gen smegma kaye ant glann ak prepis li, ka debouche sou yon maladi ki rele balanit. Lè yon moun soufri maladi sa, li fè tèt grenn li anfle epi bay yon koulè wouj. Lè sa rive, viktim nan dwe prese prese al wè yon medsen.

Kèk ti enkonvenyan 

Tout moun pa sikonsi a menm laj. Gen moun se pandan yo bebe yo sikonsi. Gen lòt se pandan yo adolesan. Genyen tou se lè yo kòmanse antre nan laj yo fè chiriji sa. Moïse ak Kenson te gentan nan trantèn lè yo te pran desizyon sa. Yo tou 2 te gentan marye.

An reyalite, sikonsizyon pa diminye plezi seksyèl la men sansasyon an vin diferan. Lè li fèt nan laj adilt, glann nan vin pa sansib menm jan li te ye avan an. Mondy Desrosiers, yon jèn inivèsitè 26 lane di li fè remak la nan mastibasyon, penetrasyon ak sèks oral.

Lire aussi: Anpil gason trape epi tonbe simaye « papillomavirus » san yo pa konnen

« Onètman, glann mwen te pi sansib avan sikonsizyon an », jèn etidyan finisan nan Fakilte Dwa Gonayiv la deklare.

Eksplikasyon kèk espesyalis bay sou koze sa se paske avan sikonsizyon an, glann nan kouvri anba prepis la ki rann li pi sansib. Aprè operasyon an, etandone glann nan pa pwoteje ankò, li vin ap plede fwote tout tan, sansiblite a ap diminye jou aprè jou.

« Men grenn bagay nou dwe klè sou li, Mondy Desrosiers ajoute : plis glann nan gen mwens sansiblite, plis nou gen garanti n ap gen plis andirans lè n ap fè bagay ».

* Tèks la edite pou korije erè ki te gen nan non maladi a.



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.