An Ayiti, risk dezas yo toujou la – HB News


Depi lè siklòn Matye te frape sid peyi dAyiti nan lane 2016, Majistra Gabriel Fortuné te avèti kay ak wout nan vil Okay ki tap tann reparasyon depi lontan, te reprezante yon danje ki ka lakòz plis dega ak lanmò si yon lòt dezas ta rive

Atik sa a pibliye nan kad kolaborasyon HB News ak The New Humanitarian

Nan mwa dawout 2021, yo te jwenn kadav menm Fortuné sa a anba dekonm otèl Le Manguier, youn nan plizyè santèn bilding ki te detwi lè yon tranblemanntè mayitid 7.2 te frape zòn sid la. Li te pami anviwon 2 200 moun ki te mouri yo. Plis pase 130,000 kay te kraze plat atè oswa pran gwo frap, san konte lopital, sant sante, wout ak lekòl. Anviwon 39,000 moun te vin ap viv nan lari. 

Espesyalis yo fè konnen lavi plis moun te ka epanye si Ayiti te aprann leson l apre tranblemanntè 2010 la.  Li te touye li menm ant 100,000 ak 300,000 moun, pi fò nan yo nan kapital la, Pòtoprens. Leson ki te dwe tire a se : fòk règ konstriksyon yo respekte pou konstwi kay pi solid ak pi sekirize. Fòk moun ki nan menm zòn yo patisipe plis nan jere katastwòf ak pran desizyon, epi fòk gen ase abri pwovizwa sizoka. 

Li tou : Videyo | Men poukisa tranbleman an fè tout dega sa a nan zòn sid la

“Konstwi pi byen” te vin tounen yon pawòl levanjil apre tranblemanntè 12 Janvye 2010 la, men 12 lane apre, Ayiti poko janm fin konn leson l. Li poko janm pare pou pwochen katastwòf yo alòske li se youn nan peyi ki pi vilnerab nan monn lan devan malè pandye lanati ka pote. 

Nan ane ki sot pase yo, Ayiti pase kriz sou kriz. Sòti nan peryòd enstabilite politik, antre nan  gouvènman yo akize ki nan koripsyon, manifestasyon rèd, siklòn mòtèl, jouk li rive nan yon vid politik apre asasina prezidan Jovenel Moïse. 

Depi lanmò li a an jiyè 2021, vyolans gang yo ak kidnaping yo pran chè. Sa vin bay ratman gaz, manje ak dlo, epi fòse plizyè lopital fèmen pòt yo malgre ka COVID-19 yo ap ogmante.

Li tou : Videyo | Gen tranbleman tè ki fèt chak jou menm si w pa santi l

Se vre gen kèk pwogrè ki fèt nan kesyon rediksyon risk ak dezas, men ekspè yo di poutèt mank envestisman nan mezi pou redui risk katastwòf, ni bò kote gouvènman an, ni bò kote donatè entènasyonal yo, peyi ki gen 11.4 milyon abitan an ak yon malè pèmanan pandye sou tèt li.

Fritznel Presmy, yon konseye nan rekonstriksyon kay nan depatman Nip ki nan zòn sid peyi a, di : “Sa fè m mal anpil pou m wè kantite dega ki te fèt nan tranblemanntè mwa dawout la. Kay, lopital, lekòl kraze poutèt yo pa t byen bati.” 

Apre 12 janvye 2010, gouvènman an te mete sou pye yon nouvo biwo ki rele UCLBP (“Unité de Construction de Logement et de Bâtiments Public” ki se enstans ki konstwi kay ak biwo leta), ki etabli kòd konstriksyon (kijan pou moun konstwi) epi ki ofri fòmasyon pou bòs mason yo pou eseye minimze risk yo lè yon lòt katastwòf ta rive. 

Li tou : Voilà pourquoi il y a autant de séismes en Haïti ces temps-ci

Men, dapre Jacques Bien Aimé, direktè UCLBP a, règleman konstriksyon yo pa toujou respekte, pandan li difisill pou mason yo jwenn bon jan kalite materyo konstriksyon. Nouvo règleman kontriksyon yo pa ranfòse, ni pa gen sipèvizyon sou kay k ap bati yo nonplis. 

“Chak jou k pase, nou jwenn mwens finansman”, dapre sa Bien Aimé te di The New Humanitarian. “An Ayiti, chak gouvènman vini ak priyorite pa l, san l pa chèche kontinye sa moun ki te la avan l lan te kòmanse. Kanta pou aktè entènasyonal yo, yo pi vit entèvni lè gen ijans. Se tout sa k fè bagay yo mangonmen konsa.” 

Finansman pou Biwo Min ak Enèji limenm, ki responsab siveyans tranblemanntè yo, reprezante sèlman 0.04 pousan nan bidjè nasyonal la. Mete sou sa – mezanmi pa ri non – ata biwo pa l, ki te bati nan ane 1980 yo, nan yon kay ki pa ka pran yon bon frap tranblemanntè, dapre Claude Prépetit, direktè biwo sila a. 

Kòm manke finansman, se sèlman youn nan sèt estasyon siveyans tranblemanntè nan peyi a ki ap mache toutbonvre. Prépetit te di The New Humanitarian. “Bidjè nou twò piti,” li di. “Rezo siveyans nou an pa gen pwòp bidjè li. Se anba redi nou rive jwenn lajan pou nou peye dwa sèvi ak rezo a, peye moun k ap travay yo, ak gaz.” 

Li tou : Haïti va faire face à plus de catastrophes naturelles. Nous ne sommes pas prêts.

Sou bò pa yo, travayè imanitè yo gen gwo tèt chaje paske peyi a pa pare pou yon lòt katastwòf. 

Guerda Previlon, direktris IDEJEN, yon òganizasyon ayisyen ki bay fòmasyon sou rediksyon risk ak dezas e ki bay viktim yo sipò sikososyal, deklare :

 “Chak ane, nou gen tranblemanntè ak siklòn an Ayiti, men nou toujou tann lè malè a rive sou nou pou nou kòmanse pare kò nou.”

Plizyè kalte risk

Dapre Luigi Di Sarno, yon konferansye nan konsepsyon estriktirèl nan Inivèsite Livèpoul (University of Liverpool) ki te konseye Ayiti ak lòt peyi nan Karayib la sou preparasyon katastwòf ak rediksyon risk, Ayiti poko janm gen ase detèktè  pou pozisyone epi pi byen konprann potansyèl risk sismik yo.

Gen kèk nan detèktè yo ak ekipman sismik yo tou ki pa konekte nan yon rezo nasyonal oswa rejyonal. Nan ka tranblemanntè mwa dawout la, “gwoup sitwayen ki mete ansanm ak sismològ nan fè rechèch sou tranblemanntè (citizen seismologists)” te ede anpil nan bay bonjan enfòmasyon sou pwofondè ak kote tranblemanntè a te deklanche. Epi yo te pwofite fouye zo nan kalalou pou rive pwodui konesans ki ka ede diminye risk yo alavni.

Li tou : Comprendre la vulnérabilité d’Haïti aux catastrophes naturelles

Gen kèk peyi, tankou Meksik, ki gen anpil tranblemanntè, ki sèvi ak yon sistèm ki avèti yo bonè pou fè moun konnen tranblemanntè pral pase. Men, tranblemanntè ki kraze Ayiti yo pa sòti fon nan tè a pase sa. Sa vle di yo rive vit, ak mwens avètisman epi yo fè plis dega. Tank fòs sismik la ap kouri nan tè a se tank l ap febli.

Menmsi te gen avètisman anvan tranblemanntè 2010 la oswa anvan sa mwa dawout 2021 an, pa gen okenn garanti mwens moun t ap mouri. Poutèt dega yo depann de kalite tèren yo. Di Sarno te di: “Dega yo depann tou de si yon kay oswa yon legliz te bati sou tè ki mou. An Ayiti, gen plizyè risk, e risk ak danje sa yo pa fin klè.”

Tranblemanntè pase Ayiti souvan nan dènye ane yo – yon lòt tranblemanntè mayitid 4.3 te blese plizyè moun nan menm zòn sid la 21 Desanm 2021 – men peyi a plis abitye ak inondasyon, glisman tèren, tanpèt twopikal ak siklòn.

Kèk jou apre tranblemanntè mwa dawout la, yon tanpèt twopikal frape menm zòn nan, touye plizyè moun, fè lòt dega ki vin mete absè sou klou epi ralanti jesyon premye katastwòf lan.

Li tou : Le traumatisme de janvier 2010 est encore présent dans la tête des Port-au-princiens

Tanpèt yo fè plis dega an Ayiti akòz konsekans plizyè syèk debwazman ki te kòmanse depi lè kolon fransè tap detwi forè pou fè plantasyon sik. Aktivite sa a ki makonnen ak eksplwatasyon esklav te pwofitab anpil pou yo. Debwazman an te kontinye lè Ayiti te kòmanse ekspòte bwa kajou pou peye dèt lou kou sak sèl Lafrans te mete sou do l pou rekonèt endepandans li an 1804.

Depi 2004, Ayiti fè kèk pwogrè nan preparasyon pou inondasyon ak tanpèt. Se te youn nan ane tanpèt ak inondasyon te touye plis moun nan peyi a. Inondasyon te touye anviwon 1,700 moun, siklòn Ivan te lakòz gwo domaj nan zòn sid la, siklòn Jàn li menm te touye anviwon 3,000 kretyen vivan epi mete 300,000 lòt nan lari de bra balanse.

Kidonk, egzèsis preparasyon yo te vin pi regilye, nouvo ak pi bon abri pwoviswa te bati, epi plizyè santèn volontè te resevwa fòmasyon pou ede nan evakyasyon.

Nan lane 2020, gouvènman an te ofisyèlman adopte yon Plan Nasyonal pou Jesyon Risk ak Dezas. Li gen ladann mezi prevansyon ak pwotokòl ijans pou lè gen dezas.

Vin gen plis travay ki fèt tou nan domèn edikasyon, dapre Jean Henry Télémaque, ki travay ak Ministè Edikasyon Nasyonal epi Sekretarya Pèmanan Jesyon Risk ak Dezas pou entegre preparasyon katastwòf yo nan lekòl yo. Télémaque te di New Humanitarian:

“Nou travay ak lekòl leta yo. Nou fè egzèsis similasyon epi fòme enspektè, pwofesè, ak elèv sou jesyon risk ak katastwòf. N ap travay kounye a, pou entegre jesyon risk ak dezas nan kourikoulòm lekòl an Ayiti.”

Li tou: Après le séisme, 250 maisons sont envahies par l’eau de mer aux îles Cayemites

Jodia, anpil lekòl sèvi tou kòm abri pwoviswa lè gen katastwòf.

John Harding, responsab Sistèm Risk Klima ak Sistèm Alèt Prekòs nan Òganizasyon Mondyal Meteyorolojik di: “Si w gade ak ki fòs Siklòn Matye te pase nan lane 2016 la, t ap gen plis dega si pa t gentan gen kèk preparasyon epi si komite pwoteksyon lokal yo pa t gentan fòme.” Harding te travay an Ayiti tou. Li te yon konseye espesyal pou Bill Clinton lè ansyen prezidan ameriken an te yon anvwaye espesyal nan peyi a apre tranblemanntè 2010 la.

Men, malgre ti pwogrè sa yo – anplis zouti amelyore yo ki pou predi tanpèt ak risk – Ayiti toujou manke yon Sistèm Alèt Prekòs ki gen plizyè kouch.

Nan peyi Bangladèch, pa egzanp, Sistèm Alèt ak Avètisman Prekòs yo voye mesaj sou rezo telefòn selilè yo pou avèti pasaj siklòn ak tanpèt. Yo prevwa tou yon ekip volontè pou sonnen alèt sa yo.

Presmy, konseye pou rekonstriksyon lojman an nou te site pi wo a, di :

“Nou pa ka anpeche yon dezas natirèl rive, men nou ka diminye risk ak kantite viktim yo lè nou fè reyinyon nan vil yo, konsyantizasyon, eksplike popilasyon an kijan pou yo konstwi ak sa pou yo fè lè gen ijans.”

‘Yo solidifye nou’

Apre tranblemanntè 2010 la, yo te kritike òganizasyon entènasyonal ki t ap travay anbAyiti yo anpil, paske yo te inyore kapasite ki te egziste nan peyi a epi yo pa t ankouraje lidèchip sosyete sivil lokal la.

Li tou: Videyo | Yo sove nan tranbleman an. Yo toujou pa konprann kijan.

Konsènan efò sekou entènasyonal la te bay apre katastwòf la, kowòdonatè rezidan Nasyonzini an Ayiti, Bruno Lemarquis, te di The New Humanitarian :

“Aktè lokal yo te disparèt. Yo t ap regle zafè pa yo.”

Dapre Marie-Rose Romain Murphy, ki se fondatèz ESPWA (Economic Stimulus Projects for Work and Action), yon gwoup ayisyen k ap chèche ranfòse kapasite òganizasyon ayisyèn yo, “esklizyon aktè lokal yo kontinye pi rèd apre tranblemanntè 2010 la.”

Apre siklòn Matye, Ayisyen te kontinye ap lite pou yo bay dizon yo sou kijan pou èd la bay oswa pou yo jwenn bonjan finansman. Murphy ajoute “Gwoup èd entènasyonal yo toujou ap pale sou wòl kominote a dwe jwe nan dirije èd la, pandan tan sa yo pa ni envesti ni bay sipò pou sa.”

Jis jounen jodia, alòske Nasyonzini rekonèt nesesite pou pwofite ekspètiz nasyonal la – pa sèlman pou amelyore repons imanitè yo, men tou pou rediksyon risk yo – gwoup entènasyonal yo kontinye ap woule kò yo anvan yo fè patenarya ak moun nan lokalite yo.

Jessica Hsu, yon antwopològ ak aktivis ki te travay ak gwoup sosyete sivil an Ayiti pandan plis pase 15 lane, deklare :

“Anpil nan asosyasyon ki pi efikas yo, moun plis fè konfyans yo se pwofesyonèl ayisyen k ap dirije yo, men òganizasyon entènasyonal yo ak donatè yo kontinye pa wè yo.”

Li tou : Ki kote nan Pòtoprens ki pi an danje si ta gen yon lòt tranblemanntè ?

Sa a se yon pwoblèm, dapre sa Cassendy Charles ki soti nan Mercy Corps, yon ONG ki te travay ak kominote lokal yo sou preparasyon pou katastwòf depi 2010, te di The New Humanitarian. “Risk ak jesyon katastwòf yo dwe dirije nan nivo lokal, pou kominote yo gen kapasite pote tèt yo sekou an premye.”

Kèk pwogrè resan

Anvan 2021, pa t janm gen okenn ONG nasyonal ki te konekte ak Ekip Imanitè Peyi a, kote tout gwo desizyon pou repons imanitè yo pran.

Ane pase a, sa te chanje. Yo te ajoute senk òganizasyon nasyonal, pami yo kèk ki konsantre sou jèn, sou fanm, ak moun andikape.

 “Sa te fè yon gwo diferans,” dapre Lemarquis, kowòdonatè rezidan Nasyonzini an. “ONG lokal yo angaje, epi yo kesyone pwoblèm finansman yo. Yo rann nou pi solid. Se pa t tankou yon reyinyon Nasyonzini, sete tankou yon gode dlo fre. S on bagay ekstrawòdinè.” 

Youn nan reprezantan ki te patisipe nan reyinyon an se prezidan Société Haïtienne d’Aide aux Aveugles (Asosyasyon Ayisyen k ap ede Avèg yo). Yon lòt se Previlon, direktris IDEJEN. Li di “menm si reprezantasyon nou an pi piti pase ONG entènasyonal yo, yo kontakte nou, yo pataje lide avèk nou, yo kreye yon fowòm kote nou diskite ak pwopoze solisyon. Yo koute nou.”

Donatè yo bouke

Gen kèk gwoup tankou Bank Mondyal ki fè envèstisman nan ranfòse sistèm jesyon risk ak katastwòf peyi dAyiti, men sa poko sifi. Gen anpil bezwen toujou, men donatè yo kòmanse bouke .  

Malgre gen anviwon 14 milya dola nan èd entènasyonal ki te debouse pou Ayiti apre tranblemanntè 2010 la – 9 milyon dola etid sou tranbleman tè a te apwouve tou nan Komisyon Pwovizwa pou rekonstwi Ayiti – se sèlman yon ti monnen nan lajan sa a ki te depanse nan mezi prevansyon yo.

“Pa gen volonte bò kote donatè yo,” Lemarquis te di The New Humanitarian yon mwa apre dènye tranblemanntè a te frape. ” Malgre tranblemantè ki pi rèd la fin pase, rediksyon risk ak dezas (DRR) pako janm yon priyorite.”

Òganizasyon Mondyal Meteyorolojik ki baze nan Jenèv la kontinye bay ayisyen kèk finansman ak fòmasyon, men Harding di Ayiti se yon ti dosye ak youn nan pi piti bidjè yo.

Harding te di The New Humanitarian : “donatè yo, tankou nenpòt lòt gwoup ki fè yon envestisman finansye, pa vle pran risk,”

Li tou: Videyo | Anbilansye Ayisyen yo sove anpil moun apre tranbleman an

“Yo fè anpil move eksperyans ak Ayiti. Li difisil pou konvenk yo tounen vin envesti ankò. Men, nou bezwen konsantre nou sou peyi tankou Ayiti ki pi ekspoze, epi montre bon pratik ak sa ki mache. Sa vle di konstwi yon kapasite nasyonal soutni epi alontèm pou èd la pa baze sou pwojè sèlman.”

Pandan tan sa, pou moun ki te afekte nan tranblemanntè mwa dawout la, bezwen yo la pi rèd. Sitou poutèt enstabilite politik la ak ogmantasyon vyolans gang yo, ki te anpeche èd rive nan zòn sid la. Mete sou sa, risk pou gen lòt katastwòf toujou la. 

Guirlene Rosier, yon manman k ap leve pitit li san papa, ki gen kay li ki domaje nan tranblemanntè ki te pase Okay la, di byen klè: “Gen kèk moun ki bezwen manje, men vrè priyorite jodi a se rekonstriksyon.”

 

Dumas Maçon ankete nan Pòtoprens. Jessica Alexander ankete Jenèv. Evens Mary ki soti Pòtoprens kontribye nan travay sa a tou. Paisley Dodds ankete epi edite Lond.

Image de couverture: Maison construite sur le flanc de la ravine, des enfants au loin se baignant dans l’eau de la ravine. Carvens Adelson / HB News



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.