Anpil manje Ayisyen renmen konsome lannwit bay gwo pwoblèm sante – HB News


Koze manje ta a lakòz gwo pwoblèm sante.

Li fè 8è nan aswè jou ki te 6 oktob 2021 an. Nan Kafou Odilon, Delma 32, Mirlande te kòmanse prepare komès li ki se diri kole ak pwa nwa, diri blan, sòs pwa, legim epi poul fri.

San manje a potko pare, plis pase 20 kliyan te gentan chita ap tann. Jeneralman, se nan lè 8è 30 manje a kòmanse separe. « Se dam sa ki kwit pi bon manje nan zòn nan, dapre Johanne, yon kliyan. Se sèlman nan men l mwen ka manje. Men li tèlman toujou gen anpil moun devan l, lè konsa mwen oblije vini avan lè pou m pa pran twòp tan ap tann manje a ».

Se toupatou nan peyi a ki gen pratik manje manje lou ta lanwit lan. Selon kèk espesyalis, koze sa kapab lakòz gwo konsekans sou sante moun tankou maladi kè, ogmantasyon chans pou obezite, dyabèt, elatriye.

Doktè Junior Antoine, yon nitrisyonis, fè konnen konsomatè yo dwe evite manje ki gen anpil farin ak grès lannwit tankou : pate, diri, espageti, vyann kwit, elatriye. Rezon an, se paske lestomak la, kote dijesyon an fèt la, pa bay menm pèfòmans li konn bay nan lajounen an lè l ap fè dijesyon leswa.

« Tout moun k ap mal manje gen pou l peye konsekans la kanmèm yon jou nan lavi l. Konsekans sa yo pa menm pou tout moun epi li ka varye tou selon manje a », espesyalis Antoine deklare.

James Jean Charles te nan pratik manje ta a. Sa fè plizyè ane li te oblije chanje. « Mwen paka bwè sòs pwa, manje patat aprè 6 zè nan aswè. Mwen paka konsome vitamin C tou. Sitou ji sitwon, seriz, chadèk… avan m al dòmi. » 

Selon temwayaj mesye sa ki abite Delmas 40 B, lè li konsome bagay sa yo li santi yon dlo si ap monte sou lestomak li ki anvi toufe l. Gen etid ki montre pratik manje ta ka abouti sou pwoblèm dijestif. « Mwen poko al lopital pou m konn kisa ki lakoz. Men anpil moun di m se asid mwen fè. »

Yvelt  Clergé se yon kliyan Milann ki nan 30 lane. Selon sa li rakonte, lè li te jèn ti gason li te konn konsome san kè sote tout sa li jwenn nan nenpòt lè li jwenn li an. « Lè mwen fè jounen mwen pa manje, leswa avan m al dòmi, mwen konn achte babekyou, diri kwit, pen a ze, espageti, oubyen pikapoyo. »

Li kontinye pou l di li pat gen okenn enkyetid paske manje sa yo pat konn ba li pwoblèm, kèlkeswa lè li manje yo. Selon sa l te konn panse, « se moun malad sèlman ki paka manje nenpòt manje a nenpòt lè. »

Kounya, Yvelt  Clergé gen yon enfeksyon nan lestomak. Bakteri ki ba li enfeksyon sa a rele « Elikobaktè Pilori » – ke yo rele « H Pilori » tou nan langaj kouran an. Dapre rechèch ki fèt, moun ki manje yon fason ki iregilye gen plis chans pou fe maladi sa a.

Gen etid ki montre pratik manje ta ka abouti sou pwoblèm dijestif

Jodiya, Yvelt Clergé paka manje nenpòt kòman ankò. Li rakonte lè li te rive lopital nan chèche tretman, doktè di li se fason li te konn manje ki lakoz li gen enfeksyon sa a.

Pami maladi nitrisyonèl yo – sa vle di moun kapab evite osnon geri nan fason y ap manje – nou jwenn dyabèt ak ipètansyon ateryèl. Se youn nan rezon ki fè, selon doktè Antoine, lè yon pasyan se maladi sa yo li soufri, doktè plis fè l rekòmandasyon sou fason li dwe manje, epi preskri li medikaman. 

Dapre nitrisyonis Antoine, « yon moun ki pa bwè ase dlo kapab gen pyè nan ren. Yon moun ki pa manje ase fib alimantè kabap gen kansè kolorektal. Yon moun ki konsome anpil sèl kapab soufri ipètansyon ateryèl. »

Lire aussi: Tout sa ou dwe konnen sou H-pylori ak gastrit

Anpil moun Ayiti pa konn kòman yo dwe manje, kisa yo dwe manje, akilè yo dwe manje. Sa rive pou plizyè rezon. Youn ladan yo se pwoblèm edikasyon. Anpil jèn ki fini etid klasik yo pa rive metrize nosyon sa byen, alòske li nan pwogram Byoloji NS IV ak filo tradisyonèl la. Rezon an se paske yo plis etidye pakè olye yo byen konprann leson yo. 

Ministè Lasante Piblik (MSPP) manke sansibilize sou kesyon sa a tou, paske li pa pratike medsin prevantiv. Se sa ki fè pa vrèman gen espesyalis, nan radyo sitou, ki pou oryante moun yo sou fason yo dwe manje. 

Pwoblèm mal manje a pa tabli ann Ayiti sèlman paske majorite moun yo pa fòme sou kesyon sa yo. 

Pa egzanp, Volney Casimir di nou, malgre li konnen li pa malad, li konn fè anpil efò pou li pa konsome nenpòt manje ta nan aswè. Men sa rive souvan li fè enpridans, li manje ze fri ak pen leswa. Sa rive sitou, lè li pat konsome manje sèl pandan jounen an, li pa gen lòt chwa paske l pap ka domi grangou. 

Gen tou kesyon dispniblite an. Anpil kote, se babekyou, diri kole ak fritay ki plis disponib lannwit.

Photos: Carvens Adelson / Ayibopost



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.