Ayisyen wè ensekirite, entènasyonal la wè imigran Ayisyen – HB News


Kominote entènasyonal la ap mobilize plizyè enstriman pou sanksyone gang ak sila k ap alimante yo. Migrasyon anpil Ayisyen ki prale Etazini ak Kanada se prensipal rezon sanksyon yo 

17 Out 2022: Anthony Salisbury ki se ajan espesyal ki responsab envestigasyon nan biwo Homeland Security nan Miami, prezante yon seri zam gwo kalib yo sezi. Zam sa yo, se reprezantan bandi an Ayiti yo ki achte yo nan magazen Miami, pou kache yo nan bwat machandiz, voye yo Ayiti. Anpil fwa, yo voye zam yo an pyès detache, nan plizyè kagezon diferan. Sa konn rann li difisil pou otorite yo wè yo.

Pami zam sa yo ki te prale Ayiti, otorite ameriken yo jwenn modèl gwo kalib zam katèl Meksiken yo konn itilize pou desann elikoptè. Pa ekzanp, te genyen yon 308 Belt Fed machine gun

“Nou remake gen yon ogmantasyon nan kantite zam yo [ki pral Ayiti], ak nan gwosè kalib yo tou.” Se sa li di nan prezantasyon li te fè devan laprès. Anthony Salsbury eksplike jan modèl zam sa yo kontribiye nan destabilize yon peyi tankou Ayiti, epi lakoz anpil moun al chache lavi aletranje. Tankou, imigre Ozetazini.

Ou ka li tou : Les armes des États-Unis alimentent l’insécurité en Haïti

“Nou vle di sa klè jodi a, Etazini, espesyalman eta Florid (South Florida) pa yon kote ki lib pou biznis zam ilegal fèt. Nou pral menmen envestigasyon, epi n ap rapousuiv tout moun ki enplike nan sa a, nan kèlkeswa nivo a.”

Anthony Salisbury te soti devan laprès pou l voye yon mesaj klè nan non gouvènman ameriken an. Depi plis pase yon ane, Ayiti ajite aktyalite a Ozetazini. Imigrasyon Ayisyen pa pil ak pa makòn, se prensipal rezon ki pose Leta ameriken pran gwo dispozisyon sou dosye Ayiti a.

Zam ak minisyon ale Ayiti, yo bwote Ayisyen ale Ozetazini

Septanm 2021: Nan yon ti vil ki rele Del Rio nan eta Tekzas Ozetazini, gen yon evènman ki te fè gwo bri nan laprès, nan pwen pou l anbarase administrasyon prezidan Ameriken an, Joseph Robinette Biden. 

Anba yon pon ki konekte Etazini ak Meksik, te gen yon foul moun ki te tabli katye jeneral yo, nan entansyon pou yo rantre Etazini. Medya yo rapòte, yo evalye te gen anviwon 15 mil imigran, majorite ladan yo se Ayisyen ki soti nan peyi Ajantin, Brezil ak Chili.

Imigrasyon se yon dosye ki sansib anpil Ozetazini. Nan tout istwa l, Etazini gen yon relasyon rasis ki espesyal pa rapò ak Ayiti, e, imigran Ayisyen. Nan ane 1980 yo, otorite syantifik Etazini te deklare se Ayisyen yo ki alabaz maladi SIDA. Yon manti ki te gen gwo konsekans sou Ayisyen nan mond lan, sitou sila yo ki t ap viv Ozetazini. 

Yon bis k ap pote Ayisyen soti anba pon Del Rio nan Tekzas.

Depi lè Biden rive prezidan an janvye 2021, dosye  imigrasyon an te konplike pou li. Youn nan premye angajman li te pran, se te kanpe pwojè konstriksyon yon mi ansyen prezidan Donald Trump te kòmanse konstwi sou fwontyè a. Akoz kantite imigran yo ki te vin anpil, prezidan Biden te bay vis prezidant lan, Kamala Haris, reponsabilite pou l dirije efò adminstrasyon l lan nan dosye imigrasyon an. 

Ayisyen anba pon Tekzas yo te rive nan yon moman, kote preparasyon eleksyon mwatye-manda yo t ap fèt pou mwa novanm 2022. Eleksyon sa yo pèmèt Ameriken yo vote 435 reprezantan nan ekivalan chanm depite a, 33 senatè, epi, renouvle 34 sou 50 gouvènè nan plizyè eta. Se yon moman ki enpòtan nan lavi politik Etazini, k ap detèmine, si se repibliken yo oubyen demokrat yo k ap gen majorite nan palman an.

Ansyen prezidan Donald Trump te itilize dosye imigrasyon an anpil pou l mobilize baz elektoral li. Trump te pèdi eleksyon an anfas Biden ak plis pase 74 milyon vòt. Okenn prezidan Ozetazini -menm Barack Obama- pa janm jwenn tout moun sa yo vote pou li. Sof kandida ki te anfas Trump lan, Joe Biden, ki te gen plis pase 81 milyon moun ki te vote pou l prezidan. 

Reyalite sa a te fè Trump ak tout baz politik li yo toujou gen fòs nan politik la. Donk, imaj pil Ayisyen anba pon Tekzas la te sèvi kòm agiman pou yo kapote fòs demokrat yo nan palman an. Se pou rezon sa a, administrasyon Biden nan te kouri fèmen aksè ki bay sou pon an, kote yo te entèdi menm jounalis al chache imaj pou repòtaj. Gen jounalis ki te oblije travèse ale Meksik pou yo te kapab al rapòte sa k t ap pase yo.

Gen yon kesyon ki t ap poze nan tout medya: poukisa tout Ayisyen sa yo chwazi vin Etazini an foul konsa ? 

Evènman anba pon Del Rio a nan Tekzas, pral fè administrasyon ameriken an gen yon konsiderasyon espesyal sou Ayiti, pou limite kantite imigran k ap vin chache azil Ozetazini. Rapidman, pouvwa Biden nan te mete avyon disponib pou depòte Ayisyen yo chak jou, yon fason pou fini rapid ak dosye Del Rio a. Pou mwa me 2022 a pa ekzanp, gen 36 vòl avyon ki bwote anviwon 4000 imigran Ayisyen tounen Ayiti

Ansyen anbasadè Daniel Foote, prezidan Biden te nome kòm anvwaye espesyal an Ayiti, deklare bay jounal New York Post, rezon ki fè administrasyon Biden nan sipòte Ariel Henry sou pouvwa a, se paske li aksepte Etazini depòte imigran Ayisyen yo. 

Otorite ameriken yo te kite yon ti kantite Ayisyen rete sou teritwa a, an atandan yo pase devan yon tribinal ki pou panche sou dosye yo. Anpil Ayisyen ki antre Etazini travèse ale Kanada. Chif polis federal Kanada a montre kantite imigran yo jwenn k ap antre nan peyi a ogmante anpil pandan ane 2022 a. Gen plis pase 20 000 imigran plizyè nasyonalite ki mande azil Kanada ane sa a.

Pandan Etazini ap depòte Ayisyen, gadkot ameriken yo kontinye jwenn nan lanmè plizyè bato chaje ak Ayisyen ki vle rantre Ozetazini. Magazin TIME evalye gadkot ameriken yo arete anviwon 6000 Ayisyen soti mwa Oktòb 2021 pou rive mwa Jen 2022. Se yon ogmantasyon 300 pousan parapò ak dènye ane fiskal la. Magazin nan di, gadkot yo entèdi prèske 2 fwa plis kantite Ayisyen k ap eseye rantre Etazini pa rapò ak 5 dènye ane fiskal yo.

Limite imigran Ayisyen 

12 Oktòb 2022: Etazini te voye yon bato gadkot ameriken vin fè patwouy nan lanmè Ayiti.

27-28 Oktòb 2022: sekretè deta ameriken Anthony Blinken vizite Kanada kote l rankontre premye minis Justin Trudeau ak minis afè etranjè Melany Joly. Pami objektif vizit sa a, yo diskite sitiyasyon imanitè Ayiti a, epi koperasyon 2 peyi yo sou koze imigrasyon ak refijye nan rejyon an. 

Nan konferans pou laprès Mélanie Joly ak Anthony Blinken te bay apre rankont yo, yo te pale sou koze migrasyon nan rejyon an kòm yon preyokipasyon pou toulede peyi yo. E yo te fè konnen yo angaje yo pou yo travay ansanm sou sa.

“N ap fè fas ak yon defi imigrasyon ki istorik. Gen plis moun k ap deplase kite lakay yo [jodi a] pase nenpòt moman nan listwa. […] Kit li se sitwayen ki soti Gwatemala, Onndiras, Salvadò, Ayiti, Kiba, Venezyela, Nikaragwa, nou wè moun ap deplase nan tout rejyon an. Sa a se yon defi ki dwe adrese nan peyi orijin moun yo, nan peyi tranzit yo ak nan peyi destinasyon final yo. E nou dwe fè sa pi byen ansanm.” Se sa Anthony Blinken te deklare. 

30 Oktòb 2022: medya CBS revele administrasyon prezidan Biden nan ap prepare espas sou baz Gwantanamo nan peyi Kiba, pou akeyi Ayisyen yo prevwa ki pral kite Ayiti an mas, apre gang yo debloke tèminal gaz Pòtoprens lan. Gouvènman ameriken an prefere opsyon kolabore ak yon peyi nan rejyon an, pou mete Ayisyen k ap eseye rantre Ozetazini yo. 

22 novanm 2022: òganizasyon Haitian Bridge Alliance te reyini sipò plis pase 400 lòt òganizasyon, pou mande administrasyon Biden nan pou l pwolonje TPS pou Ayisyen ki genyen l yo, epi rann nouvo Ayisyen elijib pou estati sa a. Inisyativ sa a suiv menm demann nan yon gwoup senatè enfliyan te fè 26 oktòb 2022. Pami yo genyen Amy Klobuchar, Bernard Sanders, Cory A. Booker, ak Elizabeth Warren.

5 desanm 2022: sekretè deta Alexandro N. Mayorkas anonse li pwolonje pou 18 mwa, TPS pou Ayisyen ki te dwe bout an fevriye 2023. Li tou anonse pou tout imigran Ayisyen ki rive sou tèritwa ameriken an pou pi ta 6 novanm, yo elijib pou aplike pou TPS, jiska 3 out 2024. Sa fè gen plis pase 101 000 Ayisyen ki elijib pou TPS Ozetazini. 

Imigran Ayisyen nan vil Del Rio, Tekzas.

Pou ane 2022, rive nan mwa novanm, otorite ameriken yo (jwenn) plis pase 2.4 milyon imigran k ap eseye antre Ozetazini, sou fwontyè Etazini-Meksik la. Chif sa yo pa konsidere moun ki antre san otorite yo pa konnen prezans yo sou tèritwa a. Imigran sa yo soti nan divès peyi tankou Venezyela, Kolonbi, Brezil, Onndiras, Nikaragwa, Kiba, Ikrèn, Afganistan, elatriiye.

Pandan Ayisyen yo se sèlman 6 pousan moun ki antre sou fwontyè Meksik la, yo se 60% moun Etazini depòte. Se sa New York Times rapòte. Depi mwa septanm 2021, administrasyon Biden nan depòte anviwon 25 000 Ayisyen.

Sanksyon kont elit Ayisyen yo 

Nan dokiman Strateji nasyonal pou sekirite (National Security Strategy 2022) ki pibliye nan mwa oktòb 2022 la, Etazini rekonèt konsekans Covid-19 la pwovoke enstabilite sosyal ak politik, ak yon nivo migrasyon iregilye Ozetazini ak nan tout rejyon an. Nan ka pa Ayiti, men sa a dokiman an di :

“Pou Ayiti k ap soufri anba yon kriz imanitè, politik ak ekonomik ki pwolonje, n ap mobilize kominote entènasyonal la pou n ede restore sekirite, rekonstwi enstitisyon gouvènans yo, epi sipòte fondasyon pwosperite, ki, gras ak li, Ayisyen ap kapab deside pwòp desten yo.” 

Sa fè pati priyorite yo nan rejyon an. Etazini di li ap asiste “patnè l” yo k ap fè fas ak menas sekirite. Difikilte yo kapab anndan lakay yo -ki gen ladan l gang lokal oubyen transnasyonal, òganizasyon kriminèl ki nan trafik dwòg ak moun.

Depi 10 desanm 2020, depatman trezò ameriken atravè OFAC te sanksyone Jimmy Chérisier, alyas Babekyou, Fednel Monchéry ak Joseph Pierre Richard Duplan pou enplikasyon yo nan masak Lasalin nan an 2018. Etazini sanksyone yo daprè rejim Global Magnitsky Human Rights Accountability.

21 oktòb 2022: konsèy sekirite nasyonzini an apwouve rezolisyon 2653 ki mande mete yon bout nan vyolans ak aktivite kriminèl an Ayiti. Rezolisyon sa a kreye yon rejim sanksyon kont moun ak gwoup moun k ap destabilize peyi a. Premye moun ki konsène, se chèf kowalisyon gang G9 an fanmi e alye yo, Jimmy Cherizier. Sanksyon sa yo bloke byen li posede, epi entèdi l vwayaje pou yon lane. Se Etazini ak Meksik ki te pwopoze rezolisyon sa a. Tout 15 peyi manm konsèy Nasyonzini yo vote l. Se pa bagay ki fèt fasil nan konsèy sekirite Nasyonzini.

  • Rezolisyon 2653 Konsèy Sekirite Nasyonzini an kreye yon komite sanksyon ki gen responsabilite -pami plizyè lòt- pou deziye moun ak antite ki dwe antre anba sanksyon yo. 
  • Rezolisyon 2653 a mande pou tout peyi ki manm Nasyonzini yo aplike sanksyon kont moun ak gwoup moun ki nan lis la. Pami sanksyon yo, pou yo entèdi moun sa yo antre sou teritwa yo, jele tout byen ak enterè lajan moun sa yo posede nan peyi manm Nasyonzini yo, epi, mete yon anbago zam sible pandan yon peryòd yon lane, pou moun ak antite ki sou sanksyon yo paka jwenn zam, minisyon, ekipman ak asistans fòmasyon oubyen lajan ki gen rapò ak zam.
  • Sanksyon sa yo ap konsène tout moun ak antite ki patisipe yon fason dirèk oubyen endirèk nan aktivite kriminèl ak zak vyolans ki enplike gwoup ak zam, rezo kriminèl ki nan vyolans, rezo ki nan kidnapping, k ap fè trafik imigran, k ap itilize timoun nan vye zak, rezo ki nan aktivite vyòl ak vyolans, elatriye. 

3 novanm 2022: sou baz rezolisyon 2653 a, Kanada anonse sanksyon kont prezidan sena ayisyen an, Joseph Lambert ak ansyen prezidan menm enstitisyon sa a, Youri Latortue.

4 novanm 2022: Depatman trezò ameriken atravè Office of Foreign Assets Control (OFAC) sanksyone senatè Joseph Lambert ak Youri Latortue. 

20 Novanm 2022: Kanada ajoute sou lis sanksyon an, ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, 2 ansyen premye minis : Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant; ansyen depite Gary Bodeau; senatè Rony Celestin ak Hervé Fourcand.

2 desanm 2022: depatman trezò ameriken, atravè OFAC ajoute Rony Celestin ak Richard Lenine Hervé Fourcand nan lis sanksyon yo

2 desanm 2022: Kanada ajoute biznismann Gilbert Bigio, Reynold Deeb ak Sherif Abdallah.

Ou ka li tou :  Que sait-on de Gilbert Bigio, l’homme le plus riche d’Haïti, sanctionné par le Canada ?

9 desanm 2022: nan okazyon jounen entènasyonal anti-kòripsyon, depatman deta ameriken sanksyone ansyen direktè ladwàn, Romel Bell ak senatè Rony Celestin akoz yo itilize pozisyon yo kòm ofisyèl pou patisipe nan zak kòripsyon ki afekte entegrite Leta a. Nouvo sanksyon sa yo pase pran tou yon manm fanmi Romel Bell ak 4 manm fanmi Rony Celestin.

Rony Celestin se senatè ki eli anba banyè PHTK nan mwa avril 2017. Li te depite pandan 2 fwa pou sikonsripsyon Cerca-la-Source ak Tomasik. An fevriye 2021, medya kanadyen La Presse pibliye yon atik sou yon kay madan Rony Celestin genyen Monreyal ki koute 4.25 milyon dola kanadyen ak lajan kach. Marie-Louisa Aubin Célestin se konsil Ayiti nan Monreyal. Le Journal de Montréal pibliye yon atik an 2021 ki revele pwòch Rony Celestin envesti 6 milyon dola Kebèk. An 2018, Rony Celestin ak madanm li te achte yon kay Laval pou 800 000 dola lajan kach.  An 2016, lapolis an Ayiti te sezi yon kay Rony Celestin nan kad yon ankèt pou trafik dwòg.

Ou ka li tou : Achat d’une villa : l’ULCC dément avoir blanchi Rony Célestin

Romel Bell se ansyen direktè jeneral ladwàn. Prezidan Jovenel Moise te nome l 24 Septanm 2018. Non Romel Bell te site nan trafik zam ak kòripsyon. Jou ki te 20 me 2022 a, ULCC te al fè pèkizisyon nan biwo l apre divès alèt sou kòripsyon ki te genyen nan administrasyon dwàn nan. Pòt pawòl asosyasyon dwanye Ayisyen yo, Roosner Registre te fè konprann akizasyon trafik zam nan, se machinasyon pou detwi imaj direktè Romel Bell. Gouvènman Ariel Henry a te mete Julcène Édouard pou ranplase l jou ki te premye jiyè 2022 a. 

9 desanm 2022: gouvènman Britanik la anonse l ap aplike sanksyon ki nan rezolisyon 2653 Nasyonzini sou Ayiti a, apati de 28 desanm 2022. Tout moun ak enstitisyon ki gen non yo sou lis sanksyon Nasyonzini yo, ap otomatikman tonbe nan lis sanksyon gouvènman britanik lan.

Ou kapab li tou: Sanksyon OFAC yo gen gwo enpak sou moun li sible yo

Rekonpans sou tèt chèf gang

Depatman lajistis ameriken mete 3 milyon dola ameriken disponib pou moun ki ta fè yo rive arete twa manm gang ki te patisipe nan kidnaping 16 misyonè ameriken. Moun sa yo se Joseph Wilson alyas Lamò san jou, Jermaine Stephenson alyas Gaspiyay. Tou 2 se manm gang ki rele 400 mawozo a ki ap opere Kwadèboukè. Apre sa, genyen Vitel’homme Innocent ki se chèf gang kraze baryè ki opere Taba ak Tòsèl. 

Gen 2 manm gang 400 Mawozo yo ki deja devan lajistiz Ozetazini sou baz chaj kriminèl. Se Joly Germine, alyas Yonyon, epi, Jean Pelice, alyas Zo.  Lajistis ameriken ap chahe tou, chèf gang Gran Ravin nan, Renel Destina, alyas Ti Lapli; youn nan chèf gang Vilaj nan Matisan ki se Emmanuel Solomon, alyas Manno, epi, John Peter Fleronvil ak Jean Renald Dolcin ki se 2 chèf baz Kokorat san ras.

Ta dwe genyen sanksyon toujou

An desanm 2019, kongrè ameriken an vote Global Fragility Act (GFA) ki se yon inisyativ Etazini pou adrese nan rasin, pwoblèm vyolans lan nan plizyè peyi. Pou sa, l ap mobilize diplomasi l ak divès ajans li yo, pou l travay ak omwens 5 peyi, ki nan lis priyorite l, pandan yon peryòd 10 lane.  GFA a, se yon strateji pou garanti enterè sekirite Etazini. Ayiti se youn nan peyi ki nan lis priyorite Global Fragility Act la ki prevwa itilize sanksyon, pami plizyè lòt apwòch, pou diminye vyolans ak garanti stabilite.

“Etazini ap genyen pou l itilize sanksyon ki sible ak lò mezi finansye pou l avanse stabilite, epi rann monnen pyès bay moun k ap alimante konfli ak enstabilite yo.” Se sa a ki di nan dokiman Strateji Etazini sou prevansyon konfli ak pwomosyon stabilite. Dokiman sa a ki antre nan kad aplikasyon Global Fragility Act la, anonse ap gen sanksyon kont otorite k ap piye resous peyi yo, ki nan aktivite kriminèl, kòripsyon ak vyolasyon dwa moun. Etazini pap ba yo mwayen pou yo itilize sistèm finansye ameriken an. Se pou sa, li konte itilize zouti tankou The Global Magnitsky Act la pou sanksyone moun sa yo.

Komite sanksyon Nasyonzini an poko soti lis moun ak gwoup moun an Ayiti ki dwe anba sanksyon rezolisyon 2653 Konsèy sekirite a. Ulrika Richardson ki se reprezantan adjwen BINUH an Ayiti fè konnen, sanksyon Nasyonzini yo ta dwe kòmanse aplike apati Janvye 2023. Premye minis Kanadyen an, Justin Trudeau, mande peyi Ewopeyen yo, pou suiv ekzanp Kanada a, nan sanksyone elit Ayisyen yo.

Ayisyen wè ensekirite, entènayonal la wè imigran Ayisyen

Depi apre tranblemmantè 2010 la, anpil Ayisyen vwayaje ale nan divès peyi nan rejyon an. Depi ane 2018, men kèk peyi ki depòte imigran Ayisyen : Sendomeng, Baamas, Kiba, Etazini, Chili, Zil Tik, Zile Vyèj, Sent Kitts, Meksik.

29 jiyè 2021: administrasyon Biden nan devwale strateji l pou l konbat emigrasyon nan Amerik santral la. Strateji sa a ki chita sou 5 pilye, gen pami yo: konbat kòripsyon, konbat vyolans ak krim gang yo, konbat rezo krim òganize ak trafikan. Nan dokiman an li di : “Pou konstwi volonte lakay lidè Amerik Santral yo, Etazini ap itilize diplomasi, sanksyon, epi revoke viza.”

Anpil eleman nan pilye sa sa yo nan rezolisyon 2653 Konsèy sekirite Nasyonzini an, pou sanksyone moun ak gwoup moun k ap destabilize Ayiti yo. Anpil eleman nan pilye sa yo, anndan dokiman estrateji nasyonal sekirite Etazini ane 2022 a. N ap raple, se Etazini ak peyi Meksik ki ekri rezolisyon 2653 a. Nan dokiman ane 2022 sou strateji nasyonal sekirite l, Etazini rekonèt sekirite l dwe pase nan kreyasyon richès ak stabilite nan rejyon an. 

Pandan l t ap patisipe nan somè frankofoni nan peyi Tinizi, minis zafè etranjè Kanada a, Mélanie Joly deklare : “Kanada deside aplike yon nouvo apwòch ki poko janm teste, men ki enpòtan. Tout moun ki ap pwofite de zak gang yo ap tonbe anba sanksyon.”

Oktòb 2022: Etazini ekri yon lòt rezolisyon nan konsèy sekirite nasyonzini an, pou voye yon fòs aksyon rapid an Ayiti. Peyi Baamas ki depòte anpil imigran Ayisyen ki debake lakay li, eksprime enterè pou l voye sòlda oubyen polisye an Ayiti.  Depi 12 oktòb, bato gadkot ameriken Cutter Northland (WMEC 904) ap fè patwouy nan lanmè Ayiti.

Nan okazyon jounen entènasyonal anti-kòripsyon an, 9 desanm 2022, depatman trezò ameriken sanksyone prezidan palman Gwatemala a, Allan Estuardo Rodriguez Reyes, yon lòt palmantè, Jorge Estuardo Vargas Morales, epi ansyen minis enèji ak min nan, Luis Alfonso Chang Navarro. Li sanksyone tou, 2 otorite nan peyi Salvadò.



Related Articles

Responses

Your email address will not be published. Required fields are marked *