Èske se vre gen Ayisyen ki pa pran bal? – HB News


Yon militè ameriken, de filozòf Ayisyen ak kèk pratikan vodou bay opinyon yo sou kesyon an

Prèv pou konfime gen Ayisyen ki pa pran bal pa egziste. Malgre sa, kwayans sa a popilè nan peyi a.

Gen anpil moun ki pa kapab mouri pa bal Ayiti, selon yon jenn gason ki vle yo rele li Makandal. Li deklare li se yon pratikan vodou depi 2015. « Plizyè lwa kapab pwoteje Ayisyen kont atak ame, Makandal di. Nan vodou ayisyen an nou gen Brav, Kriminèl, Zandò, Bawon, Ogou Feray, elatriye. Tout se lwa ki ka ede yon moun pwoteje tèt li pou l pa pran nan bal. »

Pou sa rive fèt, Makandal eksplike yon moun ki paka pèse ak bal gras ak pwen yon ougan ba li sipoze respekte plizyè kondisyon ak lwa li asosye a. « Kèk nan kondisyon sa yo pa egzanp se fè seremoni pou lwa a. Bay lwa a manje, pafwa fè gwo sakrifis pou li. Bosou ak Kriminèl pa egzanp se 2 lwa nan vodou a ki renmen bwè san. Kidonk, chak y ap fè seremoni pou yo, yo sipoze jwenn san pou yo bwè », presizyon Makandal.

Gen plizyè pratikan vodou ki kanpe an kwa kont modèl kwayans sa yo.

Lire aussi: Que signifie le rituel vodou qui commence certaines manifestations ?

Ismael de Kreby se yon filozòf ayisyen. Li di « toutotan pa gen bon jan prèv ki montre sa [kèk] vodouyizan yo ap di a se vre ; toutotan syantifik yo poko eksplore l antanke yon fenomèn syantifik… li rete yon kwayans ki pa chita sou okenn eksplikasyon rasyonèl oubyen anpirik ».

Prezidan asosiyasyon Société des Athées d’Haïti kwè si kwayans sa yo te verite, li trè posib pou lòt peyi nan rejyon an pa t kite l pou Ayisyen sèlman. « Etazini toujou fè gwo jefò pou l eksplwate konesans anpil ti peyi. M panse Ameriken t ap fè tout sa ki posib pou l konn sekrè sa a, si li te yon verite tout bon vre », Ismael De kerby ajoute.

Dapre sitwayen sa ki pa pratike pyès relijyon, menm otorite ayisyen yo, prezidan yo sitou ki souvan gen ougan oubyen manbo pou konseye espirityèl yo, pa t ap bezwen gen anpil machin nan kotèj yo, mache ak anpil sekirite tout kote yo pase, si efektivman lwa yo te ka pwoteje ayisyen kont bal.

Lè yon lwa dakò pwoteje yon moun kont kout manchèt, kout kouto ak kout bal, moun sa pa dwe pran plezi ap touye moun san rezon, Hugens Dilus di. Sinon, yon jou l ap mouri menm jan ak moun li konn ap touye yo : sa rele kama

Reginald Bien-Aimé se yon ansyen militè ameriken ki fèt Ayiti, ki gen plis pase 17 lane nan lame Etazini. Li di lè yon moun di li pa pran nan bal, sèl grenn fason rasyonèl epi syantifik ekspè yo ka eksplike fenomèn sa a, se fè yon etid balistik.

Pou li menm, kesyon sa yo fondamantal pou reponn : « Èske zam nan te bon ? Ak ki kalib zam yo te tire ? Ki distans, ki pozisyon sib la te ye parapò ak zam nan ? Ak ki vitès bal la te pati ? Èske sib la te byen vize pandan atak la ? »

Hugens Dilus, se ougan depi dizan e li gen 34 lane sou tèt li. Ansyen etidyan Antwopo-sosyoloji nan Fakilte Etnoloji (FE-ILA) di li rele tou Malolo Kaba. Selon Dilus, « avan menm nou te kite Lafrik pou n vin sou ti bout tè sa, nou te deja metrize : dlo, dife, metal, elatriye. Moun ki pa pran nan bal ak kout manchèt la se fè li metrize ».

Plizyè lwa kapab pwoteje Ayisyen kont atak ame, Makandal di. Nan vodou ayisyen an nou gen Brav, Kriminèl, Zandò, Bawon, Ogou Feray, elatriye. Tout se lwa ki ka ede yon moun pwoteje tèt li pou l pa pran nan bal.

An menm tan, Hugens Dilus deklare li pa bay moun pwen pou pa pran bal. « Mwen pa bay moun jan de pwen sa yo, li di. Mwen plis bay pwen pou moun nan disparet lè yo tire sou li ». Malolo Kaba pat bay yon demonstrasyon sou talan sa a ki sanble tèt koupe ak bagay moun konn wè nan gwo fim Oliwoud.

Plizyè bandi ki gen repitasyon kòm moun ki pa pran bal mouri nan echanj ak lapolis. Makandal ki pa vle bay bon non l pou rezon sekirite di se pa lwa a ki lakòz, ni tou se pa pwen an ki pa bon, men se pito moun nan ki neglijan, ki pa respekte prensip. Vodouyizan an pran egzanp Arnel Joseph ki mouri pa bal aprè l te fin sove nan prizon. « Misye te gen kondisyon ak Ogou Feray. Pandan li te nan prizon an li pat gen tan pou l renouvle pwen an, fè sakrifis pou ranfòse enèji mistik yo. Lè li sove a. Yo tire sou li. Li mouri. »

Lire également: Pourquoi de plus en plus de jeunes Haïtiens se convertissent au Vaudou ?

Gen lòt kwayans ki fè kwè tou moun ki pran pwen pou pa pran bal yo dwe respekte kèk prensip. « Lè yon lwa dakò pwoteje yon moun kont kout manchèt, kout kouto ak kout bal, moun sa pa dwe pran plezi ap touye moun san rezon, Hugens Dilus di. Sinon, yon jou l ap mouri menm jan ak moun li konn ap touye yo : sa rele kama ».

Pou kèk lòt moun, Ayiti gen entere pwoteje kwayans ki pa chita sou okenn baz lasyans sa yo. Lacroix Jeffers di li se yon filozòf. Li kwè Ayisyen pa dwe janm kite Loksidan dekouvri sekrè nou gen nan vodou a. « Tout sa nou genyen nan mitoloji peyi a, nou dwe pwoteje yo. Yo se zam sekrè nou. Nou pa dwe kite enperyalis oksidantal dekouvri yo ; sinon, nou pap ret peyi ankò », deklarasyon Lacroix Jeffers k ap anseye filozofi nan plizyè Lise nan Pòtoprens.

Prèv pou konfime gen Ayisyen ki pa pran bal pa egziste. Malgre sa, kwayans sa a anndan lekòl, tankou nan katye bandi yo kontwole.

 

Photo de couverture: Place du Baron dans Lakou Kanga 3 ile Savalouwe, situé à Delmas 31. Jameson Francisque

Jimmy Larose

Plus connu sous le nom de Jim Larose, Jimmy est auteur, juriste, professeur d’anglais et journaliste-rédacteur à HB News depuis septembre 2021. Passionné de la plume, il prépare son premier ouvrage titré : « Essai sur la chute libre d’Haïti et son système éducatif »



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.