Gen pistach Ayiti ki gen parazit ki ka bay kansè. Men mwayen senp pou korije sa. – HB News


Li pa konplike pou konbat aflatoksin, men li mande pasyans ak metòd.

Peyi Dayiti pwodui yonn nan pi bon manba nan mond lan, dapre moun k ap travay sou pwodui sa a. Menm si plante pistach pa reprezante pi gwo pwodiksyon peyi a, se yon pwodui Ayisyen konsome anpil. Kanta pistach la, li kapab sou lòt fòm tankou pistach griye, tablèt pistach, chanmchanm elatriye.

Men an menm tan li popilè konsa, pistach peyi a gen yon gwo menas ki pandye sou tèt li, ki ka mennen jiska lanmò yon moun ki manje l anpil. Menas sa a rele aflatoksin. Se yon chanpiyon ki pwodui pwazon sa a sou pistach la, e sa rive pi souvan lè grenn yo te mal seche, avan yo rantre nan konsomasyon moun. Aflatoksin bay kansè nan fwa, epi li anpeche timoun grandi byen.

Marie Minetha Bien-Aimé pa t konnen pwoblèm aflatoksin nan, nan lane 1993 lè li kòmanse nan kesyon pwodui manba. Li se responsab oganizasyon Gwoup fanm franchiz, ki nan Tòbèk. Se yon total 84 fanm ki nan pwodiksyon, transfòmasyon ak vant pistach osnon manba ak konfiti ki fèt ak pwodui sila a. « Se lè moun vin komanse konnen nou, nou vin ap benefisye fòmasyon, e se nan moman sa tou nou konnen pistach la kapab genyen pwoblèm.»

Depi lè fòmasyon sa yo kòmanse, pwodui asosyasyon an respekte tout kondisyon pou redui osnon elimine kesyon aflatoksin nan. Poutan, sa pa anpeche gen makèt ki refize vann pwodui a. « Yo konn aksepte yo nan men nou, men souvan lè n ale, yo di yo gentan genyen plizyè lòt kalite manba, ki anpeche yo pran nan men nou. Poutan, pa nou an gen pi bon kondisyon pase anpil lòt. Se moun ki te abitye achte nan men nou déjà, ki konnen pwodui a bon, ki kontinye.» Marie Minetha Bien-Aimé di.

Yon pwoblèm reyèl

Se pa nan peyi Dayiti sèlman ki genyen aflatoksin. Nan tout rejyon kote li fè cho yo, chanpiyon ki bay maladi a kapab devlope rapid. Pa egzanp peyi afriken yo genyen prèske menm pwblèm ak Ayiti nan kesyon sa a. Men se pa pistach ase ki konsène. Mayi ak pitimi, kèk sereyal moun konsome anpil nan peyi a, kapab kontamine tou.

Nan nivo entènasyonal, anpil prekosyon pran pou redui osnon elimine to aflatoksin nan tout pwodui ki konsène yo. Nan peyi Etazini, pou yon pwodui ki fèt ak pistach kapab vann, kantite aflatoksin ki ladan li an pa dwe depase 20 pbb ki se inite yo itilize pou mezire koze sa yo. Pou Lewòp to a dwe pi ba toujou e l pa dwe depase 4 pbb. Poutan dapre anpil rechèch syantifik ayisyen kou etranje fè sou pistach Ayiti a, to aflatoksin nan pi wo anpil. Nan mayi ak pitimi li pi grav toujou, sitou ke moun manje sereyal sa yo pi souvan pase yo manje pistach, dapre moun ki travay sou kesyon sa yo.

Lire aussi: Une grave accusation pèse sur la pistache produite en Haïti

An jeneral, aflatoksin yo gen anpil chans pou yo devlope tou si gen sechrès, ak si rekòt la te fèt avan lè, osnon apre lè. Li enpòtan anpil pou tout moun ki nan plante, rekòlte, vann, transfòme yonn nan pwodui sa yo nan peyi a, pou konfòme ak sa reglemantasyon entènasyonal yo deside. Li pa konplike pou konbat aflatoksin, men li mande pasyans ak metòd.

Nesesite triyaj

Premye metòd pou konbat aflatoksin se triyaj. Li enpòtan pou triye pwodui a, keseswa pistach, mayi osnon pitimi, pou retire move grenn yo paske yo ka detenn sou sa ki bon yo. Depi nan triyaj la li fasil pou rekonèt sila ki pa bon yo. Triyaj la dwe fèt avan pistach la kale, sa vle di avan yo retire gwo po a. Tout grenn ki sanble chanje koulè, ki fè limon, ki kraze osnon ki jèmen dwe elimine. Triyaj la pèmèt retire wòch nan pwodui a tou.

Dezyèm kote ki ka genyen triyaj se apre pistach la fin kale, avan li griye. La tou li fasil pou rekonèt pistach ki pa bon yo. Grenn sa yo dwe mete sou kote, menm si genyen moun ki itilize yo nan manba, paske lè pistach la fin moulen, pèsonn p ap ka remake yo. Se yon move pratik ki gen konsekans sou sante moun. Triyaj ka fèt alamen osnon nan machin ki fèt pou sa. Men dapre plizyè etid, triyaj alamen an efikas anpil. Lè li fin griye, li posib pou fè yon twazyèm triyaj pou retire grenn ki boule osnon chanje koulè.

Toutfwa, triyaj la se yonn nan etap yo. Men sechaj la genyen enpotans li tou. Dapre Benedique Paul, ki se yon pwofesè nan inivesite Kiskeya ki te fe rechèch sou sa, gen mwens pase 5% plantè nan peyi a ki genyen yon glasi pou seche pwodui yo sot rekòlte. Chif sa bay pwoblèm paske pou jere aflatoksin, pwodui yo dwe byen seche. Solèy la kapab touye chanpiyon yo.

Bon kondisyon estokaj

Anplis triyaj ak sechaj, kondisyon kote pistach osnon mayi ak pitimi an te stoke a gen yon wòl pou jwe tou. Si depo kote pwodui sa yo stoke a mouye oubyen li imid, kantite posibilite pou aflatoksin yo kreye a ogmante. Nan yon etid yo te fè an 2016, kèk chèchè nan inivèsite Kiskeya t al gade nan ki kondisyon pistach la te konn estoke nan mache Kwabosal. Kondisyon yo pa t bon, e depo yo te gen anpil imidite, sa ki te ka gen konsekans sou aflatoksin yo.

Men tou, depi nan moman pwodiktè a fin koupe gous pistach la, kontaminasyon an ka kòmanse. Si gen gous k ap degoute toujou, epi tout al nan yon sak, yonn ap kontamine lòt. Depo kote ki genyen pistach la dwe gen espas pou lè byen sikile ladan l. Li pa dwe gen bèt tankou rat, ravèt elatriye. Sak ki genyen pistach yo dwe gen kote pou lè rantre tou, pou imidite a diminye. Epi li rekòmande pou pa kite sak sa yo dirèkteman atè. Yo kapab sou yon palèt osnon yon sipò ki anpeche sa.

Lwil ak manje pou bèt

Etap triyaj ak sechaj la ede jwenn pwodui ki pa bon yo. Dapre Patrice Dion, yon syantifik nan inivèsite Laval, peyi Kanada, pi bon solisyon an se ta jete tout grenn ki pa bon yo. Men pou anpil ti pwodiktè pistach, solisyon sa pa bon. Se yon gwo pèt li kapab ye pou yo. Se pou rezon sa a, li enpòtan pou twouve kisa moun kapab fè apre pistach sa a fin rekòlte, seche epi triye.

Violette Guerrier, ki se pwofesè nan inivèsite Leta Dayiti, ak inivèsite Kiskeya te twouve li posib pou pwodui luil ak pistach ki gate yo. Luil sa a kapab itilize nan manje san pwoblèm, apre li fin dekontamine. Se nan solèy luil la dwe ekspoze pou l ka dekontamine. Ekspozisyon sa kapab dire plizyè jou. Nan yon eksperyans sou dekontaminasyon luil pistach la, Violette Guerrier ak rès ekip li t ap travay ak li te jwenn to kontaminasyon ki pi ba pase 5ppb, sa ki vle di moun ka konsome li san pwoblèm. Avan ekspozisyon an, to a te anviwon 120 ppb.

Stephane Chery se yon lòt moun ki travay nan kesyon valorizasyon pistach ki kontamine yo. Li se etidyan nan master nan nitrisyon pou bèt. Apre pwodiksyon luil la, pay pistach ki rete a kontamine tou. Se li menm yo itilize pou bay poul manje pandan 45 jou. « Apre nou retire luil la, valè kontaminasyon an te diminye anpil nan rès po pistach la. Konsa nou melanje pay la ak soja, asid amine, mayi pou n te bay poul yo manje a chak stad alimantasyon yo. Apre 45 jou sa yo, nou gade fwa yonn nan poul yo. To aflatoksin nan te ant 1 a 2 ppb,» Stephane Chery di.

Se pa nan peyi Dayiti sèlman ki genyen aflatoksin.

Sa ta vle di moun ka manje poul sa yo san pwoblèm, apre yo fin manje pay pistach la. « Pa t gen diferans nan nivo alimantasyon ant pay la poul yo t ap manje a, ak alimantasyon nòmal yo te konn manje », dapre sa Stephane Chery di.

Gen lòt eksperyans ki rive fèt toujou. Kèk chèchè nan inivèsite Kiskeya, pami yo Gael Pressoir, Violette Guerrier, te eseye lave pistach yo ak dlo osnon ak alkòl. Apre sechaj, te gen bon rezilta tou, men an reyalite, dapre yo, lavaj ak alkòl la ap difisil pou pwodiktè ak antrepriz yo, akoz lajan li ka koute.

Bon pratik

Mayi ak pitimi konsène nan aflatoksin tou. Men se menm metòd yo ki ka mennen eliminasyon parazit yo. San konte byen chwazi semans ki pral plante yo. Epi, li enpòtan pou lave moulen yo ki pral pwodui mayi a, epi kite yo byen seche, san bliye amelyore kondisyon stokaj yo. Pou mayi a, gous yo parèt gen mwens kontaminasyon pase lè mayi a fin degrennen.

Nan sa ki gen a wè ak pwodiksyon manba, ki se yonn nan fason moun ka plis kontamine ak aflatoksin nan pistach, genyen bon pratik pou suiv. Avan pistach la achte, li ta dwe pase tès pou konnen si li bon. Men sinon, depi la kapab genyen yon triyaj pou rejte move grenn yo. Apre pistach la fin griye, ti po pistach yo dwe retire tou. Sa ap ede jwenn pistach pi bon kalite, pou manba a pa kontamine. Men tou, dwe gen pwòpte nan tout etap yo, paske se pa sèlman aflatoksin ki ka bay pwoblèm.

Foto: Carvens Adelson/ Ayibopost



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.