Konprann avanse ki fèt nan ankèt Jovenel Moïse lan – HB News


6 mwa apre zak asasinay sou Jovenel Moïse lan, plizyè annafè jwenn arestasyon yo nan kèk peyi etranje epi deja ap reponn kesyon lajistis ameriken. Envestigasyon nan peyi Dayiti ap make pa sou plas

Depi zak sasinay Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 an, genyen plizyè moun k ap reponn kesyon lajistis ameriken. Pami yo Rodolphe Jaar ki se yon biznismann ayisyanochilyen epitou ansyen militè kolonbyen an, Mario Antonio Palacios Palacios.

Genyen plizyè arestasyon ki fèt an Ayiti. Anviwon yon mwa apre zak sasinay prezidan an, Direksyon santral polis jidisyè a drese rapò preliminè sou sa k pase a. Dokiman an revele otorite yo arete 44 moun pandan mwa jiyè a sèlman.

Li tou: Aucun médecin légiste n’était present à la levée du corps de Jovenel Moïse

Sofke depi lè dosye a transfere nan kabinè denstriksyon, pa gen gwo avanse ki fèt. Anplis, dwayen tribinal premye enstans Pòtoprens lan, Mèt Bernard Sainvil, deside pou l pa renouvle manda majistra Garry Orelien ki tap mennen ankèt la. Sa vle di alèkile pa gen pyès jij sou dosye lanmò ansyen prezidan an.

Pandansetan, envestigasyon yo sanble ap rapousiv tout bon nan peyi Lèzetazini. Sena ameriken an adopte yon lwa jou jedi 13 Janvier 2022 a pou egzije administrasyon Biden lan bay Federal Bureau of Investigation (FBI),  Central Intelligence Agency (CIA) ak tout depatman Sekirite enteryè a (DHS) presyon pou fè limyè sou ansasinay Jovenel Moïse lan. Epi pa pi ta pase 31 janvye 2022 an, yon branch Asanble jeneral Òganizasyon nasyonzini an mande pou gouvènman Ariel Henry an fè mennen tout moun ki enplike nan touye Jovenel Moïse devan lajistis.

Premye akizasyon yo

Se yon zak transnasyonal. Soti mwa janvye pou rive mwa jen 2021, genyen 3 Ayisyen Ameriken, 1 Venezyelyen ak 22 Kolonbyen ki rantre nan peyi a. Se sa premye rapò Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH) pou mwa dawout 2021 an di.

Li tou: Videyo | Men kijan asasina Jovenel Moïse rive fèt

Nèg sa yo te vini nan objektif pou arete Jovenel Moïse nan yon premye tan. Yo te jwenn 4 polisye ki sèvi yo gid pandan tout tan yo fè nan peyi a rive jouk lannuit 6 jiyè 2021 an. Jou zak la, yo divize yo an 4 inite ki te gen 5 moun yo chak. Yonn nan inite sa yo te rele Delta. Li te gen 4 moun. Pami yo Mario Antonio Palacios Palacios alyas Floro. Se inite sa ki sanble te gen misyon antre lakay Jovenel Moïse la.

Ansanm ak Claude Joseph ki te premye minis nan moman an, Felix Badio ki t ap travay nan Ministè lajistis se yonn nan premye non ki site nan konplo a. Apre non l fin site kòm kwa li ta konn pale ak mèsenè yo, Claude Joseph kite pòs premye minis lan. Peyi etranje tankou Etazini, Lafrans, Kanada elatriye, te pito mete konfyans yo nan Ariel Henri.

Kanta Badio,  tousuit apre kòmando a fin touye Jovenel Moïse, RNDDH revele li te vini nan kay prezidan an. Li pran lajan, yon seri dokiman ak zam polisye ki te la yo epi ale ak yo. Tout sa, pandan madanm prezidan an, Martine Moïse te nan kay la toujou.

Li tou: Plusieurs juges « compétents » voulaient enquêter sur l’assassinat de Jovenel Moïse. Ils n’ont pas été choisis.

Lòt moun yo te akize tou se komisè divizyonè a, Jean Laguel Civil ak tout Dimitri Hérard. Paske Jean Laguel CIVIL te kowòdonatè sekirite jeneral prezidan an epi Dimitri Herard, responsab an chèf Inite sekirite jeneral palè nasyonal (USGPN). Anvan Jovenel Moïse mouri, relve telefonik li yo aprann li te rele Léon Charles ak tout Jean Laguel Civil plizyè fwa nan telefòn. Toulede te di prezidan an y ap vin ede l, men yonn pa t rive sove l.

Se pou rezon sa komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Bed-Ford Claude te bay Civil ak tout Hérard pinga pou yo pa kite peyi a. Poutan, anyen pa t rive Léon Charles, ki pa t pote sekou pou prezidan an tou. Li te kontinye nan tèt PNH la jouk nouvo direktè Frantz Elbé pran la relèv.

Mèt Claude te bay 2 lòt gwo chabrak nan lapolis nasyonal la pinga tou. Se komisè lapolis Pierre Osman ki te responsab Inite sekirite prezidansyèl la (ISP). Epitou enspektè prensipal Amazan Paul Eddy ki te responsab yon inite elit yo rele « Cat Team » ki la pou pwoteje prezidan menm.

Chèf enterimè pakè Pòtoprens lan ta pral mete tou yon manda darè dèyè ansyen jij lakou kasasyon, Mèt Wendelle Thélot Coq nan dat 23 jiyè 2021. Mèt Bed-Ford Claude te ekri Direktè jeneral imigrasyon ak emigrasyon an, Joseph Cianciulli 3 jou apre pou mande l pa kite pyès nan moun sa yo kite peyi a.

Menm Badio sa te chita nan salon PM Henry 4 mwa apre ansasina a. Epòk sa, Badio te gentan gen manda darè dèyè l. Li te vini 2 fwa nan lannuit.

Kanta annafè ki te gentan chape pou l yo, tankou rès Kolonbyen  yo, entèpòl ki se yon òganizsyon entènasyonal polis kriminèl te mete alèt wouj dèyè yo. Konsa otorite kèlkelanswa peyi moun sa yo ta twouve yo ladan gen dwa pou arete yo.

Arestasyon ak ekstradisyon

Se konsa Mario Antonio Palacios Palacios jwenn arestasyon l nan peyi Jamayik nan dat 8 oktòb 2021. Akize a ki te vle rantre nan peyi l, te kite Ayiti ankachèt epi ale nan peyi Jamayik. Men paske l pa t gen papye sou li, lapolis lokal peyi Jamayik te arete l. Se pandan polisye yo ap fè kontwòl yo vin wè Entèpòl te mete alèt wouj dèyè l.

Malgre non l te site nan konplo pou touye yon prezidan ayisyen, otorite jamayiken yo pa t vle ekstrade Palacios an Ayiti. Yo pito mete ak otorite peyi Kolonbi yo pou ekstrade sispèk la Lèzetazini. Kolonbyen 43 lane an tou pito kowopere ak Federal bureau of investigation (FBI) paske li pa t vle tounen Ayiti pou yo pa touye l, selon sa li di.

Dayè ansyen komisè polis la, Marie Jude Gilbert Dragon ki te pran minòt premye dawout 2021 nan kad ankèt la, mouri nan penitansye 17 novanm 2021. Gen kèk enfòmasyon ki lese kwè li te gen gwo difikilte pou respire. Pandan plizyè jou demann te fèt pou otorite jidisyè yo kite l ale lopital. Lè yo te resi dakò an, Marie Jude Dragon mouri menm jou a.

Apre Palacios, se ansyen dilè dwòg Rodolphe Jaar ki jwenn arestasyon li nan peyi Sendomeng jou vandredi 7 janvye 2022 a. Yon semèn apre, ansyen senatè John Joël Joseph pran minòt li menm tou, nan peyi Jamayik. Menmjan pou Palacios, FBI ekstrade Jaar. Jedi 20 janvye, li parèt devan jij Lauren Louisin nan Eta Florid.

Depi se deklarasyon Jaar fè ki konsène l, Ariel Henry demanti tout. Politisyen an di li pa gen rapò ak Joseph Felix Badio. Poutan nan mwa septanm 2021 Bed-Ford Claude mete deyò relve konvèzasyon telefonik Ariel Henry ak Badio.

Leta ayisyen tou deside pa mande ekstrade ansyen senatè Joseph.

Ankèt lokal

Pou l fè travay li jan sa dwe fèt, DCPJ dwe gen aksè ak tout baz done yon seri enstitisyon Leta. Pa egzanp OAVCT ki ka bay enfòmasyon sou machin ki enplike nan yon zak, ONI ki ka fè l jwenn idantite ak kowòdone moun ki sispèk nan yon dosye, DGI ki ka fè l jwenn enfòmasyon sou lavi fiskal moun sa yo. Epitou direksyon imigrasyon ak emigrasyon ki ka bay enfòmasyon sou rantre soti endividi yo.

Poutan, depi anvan Jovenel Moise mouri, DCPJ gentan pa t gen aksè ak baz done enstitisyon sa yo san okenn esplikasyon pa bay, selon RNDDH.

Kanmenm DCPJ te transfere yon rapò pasyèl bay kabinè denstriksyon.  Lendi 23 dawout 2021, dwayen TPI an chwazi jij Gary Orélien. JIj Orélien mete anba kòd 3 polisye ki te afekte nan Inite sekirite jeneral palè nasyonal la, nan dat 24 septanm 2021. Li tande kèk lòt moun tou. Men anyen ankò. An desanm, li mande pou Mèt Saint-Vil ba li yon delè anplis pou l kapab kontinye ak ankèt la, men Mèt la pito mande l fè bilan l epi retire l sou dosye a. Li te gentan lage 3 endividi non yo site nan dosye a.

RNDDH akize jij la kòm moun ki ta resevwa lajan nan men annafè yo pou kase fèy kouvri sa pou yo. Pa egzanp, jij la ta libere polisye li te arete yo ansanm ak tout ansyen responsab Cat team lan, Paul Eddy Amazan, paske li te resevwa 25 mil dola ameriken pou sa. Menmjan li ta resevwa plizyè lòt lajan tankou 2 milyon goud nan men ansyen direktè lapolis la Léon Charles pou se li ki tande l lè l t ap gen pou parèt devan jij.

E si li te aksepte rantre nan konplo sila, Jaar di se paske anplis yon seri pèsonalite enpòtan nan Leta Ayisyen an, Ameriken yo te dakò bakòp yo.

Gen lòt non ki site toujou, tankou nouvo direktè PNH la, Frantz Elbé. Dapre yon New York Times, Joseph Felix Badio ta mande Frantz Elbé pou li fè l jwenn zam pou misyon an. Alepòk Elbé pa t direktè jeneral Lapolis la.

Entènasyonal

Si nou poko konnen kilè ankèt la ap redemare an Ayiti, nan peyi Etazini plizyè enstans, pami yo CIA, gen 90 jou pou soumèt yon rapò konplè bay komisyon relasyon ekstèn Sena a epitou komisyon zafè etranjè chanm reprezantan yo. Sa vle di enstans sa yo rete 68 jou pou fini ak rapò a.

Rapò sa gen pou l gade evennman ki pase deja yo anmenmtan nan peyi etranje ak an Ayiti.

Pandan karantyèm sesyon egzamen inivèsèl Konsèy dwa moun Nasyonzini an, Leta ki manm Konsèy dwa moun yo te pwofite manyen dosye ansasinay Jovenel Moïse la. Yo mande pou gouvènman Ariel Henry an tradwi tout moun ki enplike nan lanmò Jovenel Moïse la lajistis.

Li tou: L’Ambassade des Etats-Unis réagit à l’assassinat de Jovenel Moïse

Yon bagay ki p ap posib selon yon nòt Claude Joseph, Rockefeller Vincent ak Bed-Ford Claude soti menm jou 31 janvye a. Paske Ariel Henry te revoke depi se moun ki te vle poze l kesyon sou dosye sila.

Rockefeller Vincent ki te minis lajistis sou Jovenel Moïse te gen pou l parèt nan kabinè jij Orelien 13 desanm pase a. Claude Joseph t ap gen pou li parèt nan demen 14 desanm.

Revelasyon

Touye prezidan an se misyon tounèf kòmando a te vin genyen apre l pa t ka jwenn yon avyon prive pou ale ak Jovenel Moise an lè l t ap fin kidnape li a. Se sa premye rapò RNDDH lan esplike.

Pou sa, Rodolphe Jaar di li te bay 130 000 dola ameriken. Jaar di tou Joseph Félix Badio te ba l garanti premye minis lan ap blanchi ankèt la epi pwoteje nèg ki t ap gen pou touye prezidan an. Paske Badio te di l Ariel Henry se bon zanmi l, li fè l fè sa l vle. Jaar ajoute pou di, lè polisye ayisyen yo te met men sou Kolonbyen yo, Badio te rele Ariel Henry pou l ede l chape poul li. Ariel Henry te reponn li « l ap pase kèk kout fil » pou li.

E si li te aksepte rantre nan konplo sila, Jaar di se paske anplis yon seri pèsonalite enpòtan nan Leta Ayisyen an, Ameriken yo te dakò bakòp yo.

Li tou: Maria Abi-Habib : « Michel Martelly demandait des contrats à Jovenel Moïse »

Dapre atik jounal ameriken New-York Times soti 11 desanm 2021 an, yonn nan objektif atak sou prezidan an, se te al chache yon lis dilè dwòg Jovenel Moïse te genyen nan biwo l. E yonn nan non ki ta sou lis sa se Charles Saint-Rémy, alyas Kiko.

Kiko Saint-Rémy se yon biznismann ki konn rezo trafik dwòg la byen an Ayiti. Li se bofrè ansyen prezidan Michel Joseph Martelly tou. Toulede (Martelly ak Saint-Rémy) te gen gwo enfliyans sou gouvènman Jovenel Moïse, dapre atik New York Times nan toujou. Atèlpwen defen prezidan an pa t kapab mete kenn moun nan pwòp kabinè l san Martelly oswa Saint-Rémy pa t dakò.

Reyaksyon

Depi se deklarasyon Jaar fè ki konsène l, Ariel Henry demanti tout. Politisyen an di li pa gen rapò ak Joseph Felix Badio. Poutan nan mwa septanm 2021 Bed-Ford Claude mete deyò relve konvèzasyon telefonik Ariel Henry ak Badio. Epi nan yon dezyèm rapò ki soti 6 janvye 2022, RNDDH konfime premye minis la rankontre ak Badio pou pi piti 12 fwa. Yo te fè 2 èd tan tou ap pale nan telefòn apre bandi yo te fin touye Jovenel Moise.

Li tou: JOVENEL MOISE ASSASSINÉ, QUI DIRIGE HAITI MAINTENANT ?

Lè sa yo, Joseph Felix Badio te nan zòn bò lakay prezidan an, paske se li ki te gen pou vin chache mèsenè yo lè yo te fin fè djòb la. Dayè se li ki te bay Kolonbyen yo lòd touye chèf Leta, daprè sa kèk sous nan peyi Kolonbi aprann.

Menm Badio sa te chita nan salon PM Henry 4 mwa apre ansasina a. Epòk sa, Badio te gentan gen manda darè dèyè l. Li te vini 2 fwa nan lannuit.

Sou baz tout akizasyon sa yo, Bed-Ford te konvoke PM lan pou vin temwaye. Li te mande tou ak jij ki sou dosye a, pou entèdi premye minis lan kite peyi a. Akoz sa, Ariel Henry akize komisè a kòmkwa l ap fè pèsekisyon politik. Li mande minis jistis lan, Rockefeller Vincent pou l revoke Bed-Ford Claude. Minis jistis lan pa dakò. Ariel Henry voye toulede ale lendi 13 septanm 2021 an.

 

Photo de couverture: Jovenel Moise. Radio-Canada.ca



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.