Konsomasyon graten ka lakoz alzaymè ak anpil lòt maladi – HB News


« Gen kote, nan kèk zòn moun yo konn efè nefas graten an, yo pa manje l ditou. Lè yo fin separe manje a, jeneralman yo konn jete l oubyen bay chen manje l »

 

Makelly Joseph, yon mesye ki nan senkantèn ane yo di li gate nan koze manje graten an. « Madanm mwen konn abitid mwen deja. Depi manje a pa gen graten, li pa bezwen kite l pou mwen. Pafwa, lè m pa grangou anpil, m konn manje sèlman graten an epi m kite rès manje a », Makelly di.

Doktè Patrick Jacques, yon espesyalis nan domèn nitrisyon, di sa fè li mal anpil pou l wè jan Ayisyen renmen graten.

Kanmenm, « nan kèk zòn, moun yo konn efè nefas graten an, yo pa konsome l ditou. Lè yo fin separe manje a, jeneralman yo konn jete l oubyen bay chen manje l », deklarasyon doktè Patrick Jacques.

Lire aussi: Ki kote bèf w ap manje a soti ?

Ann Ewòp, patikilyèman nan peyi Angletè, plizyè etid revele konsomasyon graten an kapab gen gwo konsekans sou sante moun ki manje l souvan yo. Pami maladi sa yo nou ka site alzaymè, pèt memwa  ak kolestewòl (hypercholestérolémie en français).

Anpil gwo maladi

 Alzaymè se youn nan gwo maladi konsomasyon graten ka lakoz. Sa rive akoz patikil aliminyòm ki konn tou leve ak graten an lè y ap retire l nan chodyè a. « Aliminyòm nan se pa nan graten an li ye an reyalite. Se pito nan chodyè kote graten an sòti a », deklarasyon doktè Patrick Jacques.

Espesyalis la di sa konn rive pou plizyè rezon : « sa ka rive lè manje a kuit twòp ; sa ka rive tou si dife ki anba chodyè a limen twò fò ; konsa tou, sa konn rive nan fason nou konn retire graten. Lè konsa, gen patikil nan aliminyòm ki fabrike chodyè a ki konn leve lè n ap retire graten an ».

Lè jan de pratik sa yo repete, kantite aliminyòm sa yo konn monte nan sèvo moun sa yo epi ba yo pèt memwa, twoub mantal,  li konn atake sistèm nève santral moun sa yo, fè yo pedi bon sans yo ; li ka atake tisi zo yo tou oubyen ba yo maladi alzaymè jeneralman lè yo kòmanse antre nan laj, selon rechèch chimis  Christipher Exley, fè. Li se yon pwofesè-chèchè nan Keele University ki twouve l nan peyi Angletè.

Aliminyom yo itliize nan patisri a degrade fasil nan chale. Le yo prepare yon pla ladan l, gen anpil patikil ki degrade ki al nan manje a, sitou si yo kite l fe graten

Maladi alzaymè a se yon maladi ki atake viktim li yo nan sèvo. Lè yon moun soufri maladi sa, li vin gen pwoblèm memwa epi li redui kapasite refleksyon l. Pwofesè Christopher Exley nan Keele University, di konsomasyon aliminyòm nan jwe yon gwo wòl nan devlopman maladi sa a.

Lòt pwoblèm konsomasyon graten an ka lakoz se kolestewòl. Toujou nan ti bat bouch nou te genyen ak Doktè Patrick Jacques la, li di lè yo kwit yon manje, sitou sa ki prepare ak anpil luil yo, gen yon gwo kantite luil ki desann al chita anba chodye a ki vin fe yon sèl ak graten an. Le konsa, moun ki konsome graten sa yo, si yo fè sa souvan, yo gen chans pou yo soufri maladi kolestewòl.

Maladi sa ke yo rele an franse « Hypercholesterolemie »  rive yon moun lè li gen yon nivo anòmal kolestewòl (grès) nan san li. Lè yon moun soufri maladi sa, li ogmante risk pou l soufri maladi kadyovaskilè tou.  Rejim alimantè jwe yon wòl espesyal nan konbat maladi sa.  Se poutèt sa, li toujou konseye pou evite konsome anpil grès, tankou luil nan graten ki chita anba chodyè yo.

Yon metal ki tout kote

Selon plizyè etid, aliminyòm nan se metal ki pi prezan sou planèt la. Nou jwenn li nan dlo potab, nan anbalaj yo, nan bikabonat ak soud, nan aspirin, nan poud vaniy, nan vaksen, nan dewodoran, antitranpiran, elatriye.

Anplis nan chodyè kizinyè yo itilize pou yo fè manje nan recho, aliminyòm nan prezan tou nan materyèl yo itilize pou sèvi nan fou. Se yon metal ki enkontounab nan zafè kizin, pa sèlman Ayiti, men nan anpil lòt peyi nan mond la. Li tout kote.

Nan patisri, gen yon materyèl pwofesyonèl yo itilize nan fou ki rele « moul ». Li gen yon fòm won epi fabrike ak aliminyòm. Yo itilize l pou fè gato, makawoni gratine, lazanya (lasagne en français), elatriye. Gen yon lòt yo rele pirèks tou ki fèt an fayans. Men, selon Mariusca Alphonse, yon espesyalis nan domèn patisri, yo itilize moul lan plis pase pirèks la paske li pi reziste nan chalè epi li pa ka kraze tou.

Lire aussi: Anpil manje Ayisyen renmen konsome lannwit bay gwo pwoblèm sante

Bò kote pa l, Emersica Pierre, yon lòt espesyalis nan domèn patisri, raple nou ke yo pa ka fè gato nan pirèks. Se sèlman nan moul aliminyòm nan li ka kuit nan fou. Se sa ki fè prezans metal sa a enkontounab nan zafè patisri.

Selon doktè Patrick Jacques, konsekans yo pa chanje. Dayè, “Aliminyom yo itliize nan patisri a degrade fasil nan chale. Le yo prepare yon pla ladan l, gen anpil patikil ki degrade ki al nan manje a, sitou si yo kite l fe graten”, medsen an di. Kidonk, nou ka konprann danje ki plane sou moun k ap konsome pwodui sa yo.

Plizyè tip chodyè

Doktè Patrick Jacques di gen plizyè tip chodyè. Genyen ki fabrike pou reziste ak gwo chalè. Konsa tou, genyen ki fèt ki pa rezistan ditou sou dife. Medsen an pran egzanp chodyè yo fè Ayiti yo. « Anpil nan yo bay pwoblem. Sa rive depi nan fabrikasyon an akoz materyèl yo fabrike yo a », medsen an di.

Nitrisyonis la ale pi lwen pou l di nan kèk atelye kote yo fè chodye li vizite, chodyè sa yo pa senpman gen aliminyòm – ki deja pa bon pou sante – men yo fèt ak baz kawotchou tou. « Sa ki lakòz yo degaje anpil diyoksid kabòn nan lè y ap kuit manje ladan yo ». Sitiyasyon sa pi grav toujou lè graten an boule, ki limenm tou gen anpil kabòn.

Diyoksid kabòn nan ke yo rele CO2 tou, pa prezante gwo danje pou sante moun lè kantite a pa anpil. Men lè nivo a komanse ogmante, li ka bay pwoblem somèy. Nan sa ki a wè ak koze graten an, selon plizyè etid, li ka bay twoub dijestif tankou balonnman, dyare oubyen vomisman.

Lire également: Tout sa ou dwe konnen sou H-pylori ak gastrit

Doktè Patrick Jacques lanse yon alèt sou chodyè pèpè y ap vann nan lari yo tou. Li di chodyè sa yo pa fèt pou kuit nenpòt manje. « Gen yon gwoup chodyè, kaswòl ak pwalon yo vann nan pèpè ke Ayisyen itilize nenpòt kòman. Jeneralman, sa ki gen koulè vet yo, se yon penti ki sou yo ki fèt ak baz etilèn. Lè penti sa tonbe nan manje a, li ka bay kansè ».

Pou sa pa rive, espesyalis la di tip chodyè sa yo, yo pa fèt pou kuit gwo manje. Yo fèt sèlman pou chofe manje ak prepare kèk manje ki pa pran tan pou kuit. « Sinon, lè yo cho anpil, lè yo pase anpil tan sou dife, sitou si yo fè graten, gen patikil nan kouch penti polyetilèn nan ki pral nan manje a ki ka bay kanse ak pwoblèm nan sèvo », doktè Patrik Jacques di.

 Yon konba ki posib

Gen plizyè metal lou ki pa bon pou sante. Pami yo nou ka site aliminyòm, mèki ak plon. Lè yo gentan tabli nan kò moun, elimine yo pa yon egzèsis ki fasil. Men syantifik yo dekouvri yon metòd ki rele chelasyon. Metòd sa itilize kapasite kèk konpozan chimik ki ka konbat prezans metal sa yo. Moun k ap suiv tretman sa a gen pou l jete metal sa yo nan pipi.

Men gen lòt medsen tou ki ankouraje konsomasyon kèk manje ki gen bon repitasyon nan zafè elimine eleman ki toksik pou sante, epi metal nou site pi wo yo. Pami aliman sa yo nou ka site : andiv. Li kabap bloke prezans mèki, plon ak aliminyòm nan ti trip moun (intestin grêle an franse), sa ki anpeche yo atake kèk selil enpòtan.

Sinon, lè yo cho anpil, lè yo pase anpil tan sou dife, sitou si yo fè graten, gen patikil nan kouch penti polyetilèn nan ki pral nan manje a ki ka bay kanse ak pwoblèm nan sèvo

Dezyèm engredyan nou ka itize se pwavon. Nitrisyonis yo rekonèt li antanke manje aliman ki pirifye san. Sa rive sitou paske pwavon an rich ak vitamin C ak vitamin E. Se sa ki fè li antitoksik. Nou ka konsome pòm tou. Fui sa gen kapasite pou l anprizone nan trip moun kèk sibstans ki toksik pou sante.

 

Kredi foto kouvèti: lavieenrepubliquedominicaine.fr



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.