Men Kisa Fransè yo Dwe Ayiti Tout Bon Vre – HB News


Règleman pou yon istwa chaje ak vyolans ki kite anpil maleng fizik ak gwo chòk sikolojik, pwofesè Marlene Daut ekri

 Mwa pase a, New York Times te fè aktyalite ak yon seri atik li pibliye nan premye paj jounal lan, osijè plizyè milya (dola vèt tan jodi) peyi Lafrans te fòse Ayiti peye apre plizyè syèk esklavaj. Malgre laterè ak tòti kolonyalis Fransè yo te tabli kont yo, revolisyonè Ayisyen yo te rape endepandans yo nan men Lafrans nan ane 1804. Se konsa, yo te vin premye nasyon modèn ki aboli esklavaj pou tout tan. Mèzalò, nan ane 1825, Fransè yo te retounen sou bòdmè Ayiti kote yo ekzije 150 milyon fran pou yo rekonèt endepandans Ayiti — 21 ane pi ta —  epi, swadizan, pou dedomaje esklavajis ki ta pèdi “pwopriyete” yo. Plizyè douzèn dokiman ki ekri alamen ak bwochi ki soti nan peyi Lafrans pandan kòmansman 19vyèm syèk la montre se pa lajan Fransè yo te vle reyèlman. Alaplas, selon pwòp pawòl yo, yo t ap chèche “remete Saint-Domingue kanpe”, ki vle di : retounen ak lesklavaj kare bare.

Fransè yo tanmen plan pou yo refè dappiyanp sou Ayiti tousuit apre deklarasyon endepandans peyi a, 1 Janvye 1804. An plis, yo fè gwo menas kont nasyon tou nèf lan pandan li te sou lobidyans premye lidè li yo; depi sou fondatè a, Anperè Jean-Jacques Dessalines (ki mouri sasinen nan ane 1806) rive sou Wa Henry Christophe (ki, apre Dessalines, te dirije nò peyi a jiskaske li te touye tèt li nan ane 1820), ak Alexandre Pétion ki te alafwa Prezidan yon repiblik nan sid ak nan lwès jiska 1818, lè li mouri mò natirèl. Paltan siksesè Pétion ak Christophe lan, kidonk Prezidan Jean-Pierre Boyer, te siyen ranson 1825 lan, Fransè yo te nan konplo kare bare pou yo retabli lesklavaj oswa fè fen popilasyon Ayisyen an.

Fòk ou byen konnen istwa jenosid planifye sa a pou ou ka konprann ki jan pèp Ayisyen 19yèm syèk la te oblije viv – pa jis eksplwatasyon finansye – men, menas lagè vyolan paske, jan Dessalines te di sa: «yo te oze lib». Napoléon Bonaparte rive sou pouvwa an Frans nan ane 1799, apre gwo rebelyon esklav Saint-Domingue yo ki te fòse Fransè yo aboli lesklavaj nan tout koloni yo an 1794. Tandiske Prezidan Fransè Emmanuel Macron fenk deklare “lavi Napoléon se te yon epifani, yon kokennchenn manifestasyon libète,” Bonaparte li menm te yon gwo patizan lesklavaj ki te gen prejije kont moun Nwa menm jan ak tout lòt Wa Ansyen Rejim yo.

Non sèlman Bonaparte te voye bòfrè li Charles-Victor-Emmanuel Leclerc nan yon ekspedisyon pou remete lesklavaj alamòd an 1802; men tou, Premye Konsil la te abitye klewonnen kwayans rasis li yo san kare bare, pandan li te sou pouvwa l. Gen yon lè ki rive, Bonaparte ekri: “Mwen pou blan yo, paske mwen blan. Mwen pa gen okenn lòt rezon, e sa menm ki bon rezon an.” Konsa, li pete lòbèy kont revolisyonè Fransè yo paske yo te oze deklare libète jeneral. Li mande “ki jan yon moun ta fè bay Afriken yo libète, yon banm moun ki pa menm konn kisa sivilizasyon ye?”.

Se pa yon sipriz ditou si, pandan ekspedisyon Leclerc lan, nou wè jeneral Bonaparte yo montre yo genyen menm prejije sa yo pandan y ap itilize yon lojik ekstèminasyon ak jenosid. Nan dat 2 Oktòb 1802, Leclerc ekri Bonaparte li di l : misyon Saint-Domingue lan ap kapab reyisi sèlman si Fransè yo ta “detwi tout Nèg ki nan mòn yo, gason kou fanm, pou yo kite sèlman timoun ki poko gen douzan, pou yo detwi majorite moun ki nan plenn lan epi, pa kite vivan yon sèl moun ki te janm pote epolèt epi ki pa blan.” Apre Leclerc fin mouri anba lafyèv jòn, siksesè li, Jeneral Rochambeau di Bonaparte : menm apre arestasyon Toussaint Louverture, Lame Lafrans lan ap bezwen mete ansanm “twa ekspedisyon fòs ame… ki pral goumen, dezame epi mete Nèg yo nan chenn pou tout tan gen tan”. Koute konklizyon Rochambeau : “Fòk yo pwoklame lesklavaj ankò nan patiray sa a… Mwen panse, pou yon tan, mèt yo dwe ekzèse sou esklav li dwa lavi ou lanmò”.

Malgre, an 1804, Ayisyen yo te genyen endepandans yo definitivman, Lafrans te refize rekonèt nouvo nasyon an. Popilasyon Fransè a, tankou ofisyèl Fransè yo, pa janm sispann fè konplo pou “remete (koloni) Saint-Domingue kanpe”. An 1806, ansyen chèf finans Saint-Domingue lan bay Napoléon, ki te deklare tèt li Anperè, yon plan detaye pou yo retabli esklavaj. Byenke li pa t ekskli lide depòte oswa detwi tout popilasyon an, ofisyèl la te klè sou pozisyon l : premye etap la se asasinen lidè Ayiti a. Li ekri : « Toutotan Dessalines vivan, nou pa p janm reyalize objektif nou ».

Jeneral François-Marie Perichou de Kerversau te Saint-Domingue pandan ekspedisyon Leclerc la, li voye  bay Napoléon tout detay yon plan pou refè dappiyanp lan. Menm jan ak predesesè li yo, Kerversau te di li nesesè pou yo «ekstèmine» osnon «detwi» tout popilasyon an, ikonpri timoun yo. Kerversau avèti pa dwe gen okenn pitye pou “nèg” yo. Li deklare: “Yo vle lib,” men “onè ki makònen ak non peyi Lafrans, sekirite rejyon End Oksidantal lan epi limanite ki endinye alawonnbadè pap janm ka pèmèt yon bagay konsa”. Kerversau konkli “anbyans ki, nan tan pase, te garanti sekirite mèt la epi pèmèt yon sèl moun viv kè poze nan mitan 200 esklav la, se kichòy ki ale nèt”. “Jodi a, Nèg la konnen blan an se senpman yon moun li ye”.

Siksesè Napoléon yo, kidonk Bourbon yo, pa te trennen pye yo non plis. Trapde, yo te vini ak plan pou retabli lesklavaj. Nan ane 1814, Pierre Victor, Bawon Malouet, Minis Lamarin ak Koloni yo, anba lobidyans Louis XVIII, te voye twa espyon pou fòse lidè Ayiti yo bat ba. Malouet te fè gwo menas, kòmkwa si yo pa soumèt yo, y ap trete Ayisyen yo tankou ”yon bann sovaj, bèt nan bwa, e, y ap pousuiv yo tankou yo pousuiv nèg mawon”. Youn nan espyon yo, Dauxion-Lavaysse, te menm voye yon lèt bay wa Henry Christophe kote, san pyès jènman, li revele ki jan Lafrans pare pou li ta “ranplase popilasyon sa a ki an Ayiti aktyèlman, apre li ta va detwi sa nèt, ak fòs li te voye kont li”. Youn nan ofisyèl ki te pi enpòtan nan Wayòm Ayiti, Jean-Louis Baron de Vastey, reponn ak plenyezon sila a : « vennsenkan malè ak eksperyans pa rive korije gwojemoni ansyen kolon yo ». Vastey rapousuiv: « Yo pa sispann pwovoke kabinè Louis XVIII la, pou yo pouse li, tankou yo te fè sa sou Bonaparte, voye menm kalite ekspedisyon an kont nou ». Vastey di : “Premyèman, yo voye espyon, apre sa yo voye komisyonè – tout se ansyen kolon ki vin derespekte nou epi ofri nou yon chwa ant lesklavaj oswa lanmò; yo fè konplo atak ak ekstèminasyon ki parèt klè nan tout sa yo ekri tankou bwochi yo, bagay ki vyole tout lwa ak prensip relijyon, jistis, moralite epi limanite.”

Se sèlman apre yo vin konprann se tout bon vre Ayisyen yo ta pito fè lagè jouk yo mouri pase pou yo ta tounen nan lesklavaj anba dominasyon Lafrans – Alepòk, gen yon jounal Ayisyen ki te ekri, “Kòm Fransè yo pa ka pa vini, ke yo vini yon sèl fwa! Plis genyen, se plis n ap touye yo!”—  blan Fransè yo reziyen, boutanfen, pou se pòv yo rann yo pòv. Ange René Armand, Baron de Mackau, ke Charles X, frè epi siksesè Wa Louis XVIII la, te voye ak iltimatòm nan, rive Ayiti nan mwa Jiyè 1825. Li te akonpaye ak yon eskadwon 14 bato lagè ki te gen plis pase 500 kanon. Enstriksyon yo te bay Mackau yo te raple diplomat Fransè a se jis yon djòb mesaje yo ba li fè. Mackau ekri :  “Misyon m pou moun ki nan ansyen koloni nou an se pa negosyasyon”. “Limit mwen se eksplike aklè ki kondisyon Wa nou an [la Frans] ekzije pou li ta dakò ba yo endepandans total kapital yo.” “Mwen pa gen pouvwa pou m fè okenn ti modifikasyon nan pwopozisyon mwen pote yo.”

Dokiman an ki make “trè sekrè” te deklare : sizoka Ayiti “pa ta montre rekonesans pou sa Wa nou an, ak bon kè l, deside fè pou yo la a,” Mackau dwe “fè lidè gouvènman sa a konnen, dezòmè, yo pral trete kòm ènmi Lafrans; ke yon eskadwon deja pare pou tanmen yon blokaj pwennfèpa devan pò zile a; ke, talè konsa, eskadwon sa a pral resevwa ranfò lòt bato k ap soti nan pò nou yo; e ke tout komès maritim pral sispann pou Saint-Domingue jiskaske zile sa a va soumèt li, san kondisyon, anba dominasyon Lafrans.” Orezime, zam ki pi tèrib nan asnal Lafrans se te zam ekonomik lan. Kidonk, se pa ak kanon lagè ekstèminasyon an ta gen pou li rive, men se ak lòt mwayen.

Veritab istwa ranson an se pa sèlman anpil posiblite ke dèt enjis sa a kwape. Men tou, se eritaj lesklavaj la ansanm ak tout yon michan chòk entèjenerasyonèl ki lou pase tout sa yon moun ta ka mezire

Anba menas rebise kolonizasyon, rebise esklavaj, san konte jenosid ki te pandye anwo tèt yo, 11 jiyè 1825, Boyer siyen dokiman fatal la, ki te deklare, “Moun ki rete alèkile nan pati Fransè Saint-Domingue yo pral peye… ak senk vèsman egal… sòm 150,000,000 fran, ki la pou dedomaje ansyen kolon yo.”  Konsekans vyolans ekonomik sa a kontinye kofre Ayisyen yo jouk jounen jodi a. Fransè yo sispann reklame teritwa Ayiti kòm zafè pa yo sèlman apre yo te fin enpoze yon taks rasis, inimen sou libète yo. Yon taks ki te garanti povrete pandan l ap anpeche yo jwi pwosperite. Alòske, nan ane 1838, ranson total la te redwi a 90 milyon fran, Jounal New-York Times estime gouvènman Ayisyen an te peye apeprè 112 milyon fran, kidonk anviwon 560 milyon dola vèt. Poutan, nan ane 2003, ansyen Prezidan Ayisyen Jean-Bertrand Aristide kalkile, apre ajisteman pou enflasyon, Fransè yo te vòlè ekivalan 21 milya dola vèt pou Ayiti.

Veritab istwa ranson an se pa sèlman anpil posiblite ke dèt enjis sa a kwape. Men tou, se eritaj lesklavaj la ansanm ak tout yon michan chòk entèjenerasyonèl ki lou pase tout sa yon moun ta ka mezire. Se tout sa ki eritaj michan lagè materyèl ak moral sa a Lafrans te fè kont endepandans Pèp Ayisyen an. San di pètèt, Fransè yo dwe Ayisyen yo ranbousman tout ranson an nèt. Men, mwen oze di sa pap kont. Yo dwe yo pi plis toujou: règleman pou lesklavaj ak reparasyon pou anpil doulè ak soufrans.

Marlene L. Daut se Pwofesè Etid Dyaspora Afriken nan Depatman Etid Afriken ak Depatman Etid Ameriken, University of Virginia. Pami liv ki pi li ekri dènyèman yo, genyen:  Tropics of Haiti ak Baron de Vastey and the Origins of Black Atlantic Humanism. Ou ka li vèsyon angle atik sa a, ki te pibliye 13 jen 2022, nan magazin The Nation.



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.