Men poukisa Vil Okap ap toujou inonde si pa gen anyen ki fèt – HB News


Dapre espesyalis yo, fòk yo refè sistèm drenaj vil la, ki la depi tan lakoloni

Nan mwa desanm 2003, 140 000 moun te sinistre nan vil Okap apre yon lapli ki te inonde anpil kay. 4 moun te pèdi lavi yo. 3 zan avan, yon lòt inondasyon te deja fè gwo dega. Anpil kay, sitou nan lokalite ki rele Blue Hill la, te pran dlo. 16 moun te mouri, epi 26 000 lòt te sinistre.

Inondayson yo pa t sispann apre ka sa yo. Se konsa dlo anvayi kay ankò an 2007, 2012, 2014, ak 2017. Nan fen janvye ane sa a, yon lòt gwo inondasyon mete anpil moun Okap ozabwa. Dapre Nelson Deshommes, ki se responsab kominikasyon meri Kap Ayisyen, genyen 1 moun ki mouri, 12 lòt ki blese, epi 48 451 kay ki inonde.

An jeneral, lapli ki lakoz dega sa yo pa konn dire anpil jou. Men, yo konn vini ak anpil dlo. An novanm 2012, nan lespas 4 jou, genyen 442 milimèt lapli ki tonbe sou vil la. Se yonn nan rezon te genyen tout dezas sa.

Okap. 1e Fevriye 2022. Foto Ketlain Difficile

Dapre speysalis yo, se p ap dènye inondasyon vil la ap konnen. Okontrè, pou Michèle Oriol ki se sekretè egzekitif Comité interministériel d’aménagement du territoire, « tout kondisyon reyini pou vil Okap toujou inonde. »

Move konstriksyon

Vil Kap Ayisyen kreye nan lane 1670. Yon tranblemantè kraze l an 1842. Apre tranblemantè sa a, vil la rekonstwi men te toujou pa genyen yon gwo popilasyon.

Poutan, dapre pwojeksyon IHSI, genyen plis pase 300 000 k ap viv nan vil la jodia. Kòm santvil la pa ase pou tout moun sa yo, pifò popilasyon an abite nan zòn ki tou pre Okap tankou Banndinò, sou wout ki mennen Labadee a ; Lòt bò baryè, kote wout nasyonal nimewo 2 an pase ; epi lòt bò pon, ki mennen sou wout nasyonal nimewo 6 la.

Li tou: Balade photos au Cap-Haïtien, ville historique d’Haïti

Men, zòn sa yo pa t pare pou okipasyon sa a. Pa egzanp, Laptitans, ki se yon seksyon kominal nan Okap, konstwi sou yon ansyen plaj sab, arebò lanmè a. Se pou sa se yon kote ki toujou inonde. Se tou pre seksyon kominal sa a ayewopò Okap la konstwi pa egzanp. Michèle Oriol di : « Mwen gen yon zanmi m ki genyen 72 an jodia. Lè li te piti, paran l  ap mennen l Okap pou vin lekòl. Li esplike m kijan lè yo rive nan zòn kote ayewopò a ye jodia a, yo te oblije tann plizyè èdtan avan yo resi ka pase tèlman te genyen dlo. »

Kidonk, pou kontinye ale jouk nan vil Ouanaminthe, avan Repiblik Dominikèn, anpil lokalite konstwi nan ansyen anplasman dlo. Pa egzanp, vil Karakòl, kote genyen yon pak endistriyèl Leta kreye, toujou inonde tou. « Se pou sa nan plan amenajman zòn sa yo, nou te avèti Leta pa dwe fè gwo envestisman la », sekretè egzekitif CIAT la fè konnen.

Kantite moun k ap viv nan vil la oblije konstri kay nan lòt zòn ki pa t pare toujou. Banndinò, yon lòt seksyon kominal, konstwi nan mòn ki antoure vil la. Se menmjan pou Odikap, ki li menm tou kontinye pou rive nan mòn.

Lè gen kay ki konstwi nenpòt kijan nan mòn yo, sa gen gwo konsekans sou dlo k ap koule desann. Li ka modifye direksyon dlo a, ki pa ka pase kote ki te kreye pou li, nan ansyen sistèm drenaj vil la. «Vin genyen anpil twati kay k ap ranmase dlo nan mòn nan, k ap dirije l anba. E lè dlo sa rive anba, egou yo bouche, pa gen kote pou li pase.»

Ri A

Paske kay ranplase pye bwa nan flan mòn vil Okap, lè lapli tonbe, li desann tou ak pil tè. Dapre enjenyè Michel Cherfils, ki te travay pou meri Okap, se yon pwoblèm. « Kanal ak twou egou yo te deja bouche akoz fatra. Konnya tè sa vin bouche yo plis toujou », dapre sa li esplike.

Sistèm drenaj pa adapte

Se menmjan pou ravin yo, ki la pou resevwa dlo epi mennen yo nan larivyè osnon lanmè. Men ravin natirèl yo gen kay ki konstwi ladan yo. Sa lakoz ravin sa yo pi piti, kidonk yo pa ka kenbe menm kantite dlo a. Nan Okap genyen plizyè ravin tankou Belle hotesse, nan ri 24; ravin Zetriye ki soti Bel-Air pou al Ri zewo, epitou ravin Sent Filomèn. Fason kay yo konstwi nan mòn ak nan pye mòn yo, kreye ravin atifisyèl tou, ki chanje direksyon dlo k ap desann yo.

Travay drenaj ki te fèt pou vil Okap yo ansyen. Yo la depi sou tan lakoloni. Pou kantite moun ki t ap viv nan vil la, ak pou menas natirèl ki te genyen, yo te sifi. Men akoz agrandisman vil Okap, travay sa yo pa adapte ankò. « Si w al gade sou boulva Okap la, pifò kote dlo a te dwe pase pou al tonbe nan lanmè a bouche akoz konstriksyon », Michèle Oriol esplike.

« Tout kanal, drenaj Okap yo ta dwe netwaye, epi larivyè Odikap la tou dwe drage, jouk kote l rive nan lanmè a. »

Yon lòt menas ki sou kote vil la, se larivyè Odikap. Lè dlo sa a desann, tout zòn ki te konstwi sa pa gen lontan tankou Sitedipèp, Site Chanpen elatriye, gen chans inonde. Larivyè sa a rankontre lanmè a prèske nan mitan vil la, sou boulva Okap la. Sou de bò larivyè Odikap la, ki rele basen Odo pou pati ki nan vil la, genyen konstriksyon kay tou. Nan ane 2020, pou yon kesyon ensekirite, lapolis te kraze yonn nan katye ki konstwi sou kote basen an, ki rele Shada. Men genyen lòt toujou.

Pafwa, se Leta li menm ki responsab inondasyon ki pa sispann yo. Avan Leta te konstwi wout nasyonal nimewo 1 an ki soti Okap, pase Gonayiv pou rive Pòtoprens, dlo ki soti nan mòn yo te konn gen wout pou al tonbe nan basen Odo. Men lè WN1 an fin konstwi, wout dlo a pèdi. « Pasaj ki te fèt pou dlo a vin twò piti tou », dapre Oriol.

Anplis, sou administrasyon Michel Martelly a, Leta rekonstwi yon pon ki pase sou basen Odo, pou al tonbe nan vil la. Men, konstriksyon sa a se yon katastwòf. « Pon an twò ba. Lè dlo Odo a rive, li bloke paske pon an anpeche l pase. Se sa ki esplike nan inondasyon mwa janvye a tout pati sa nan vil la te plen dlo.»

Ri 5A. Okap

Mezi ki dwe pran

Paske Kap Ayisyen se yon vil k ap grandi plis de jou an jou, li enpòtan pou otorite ki la pou sa yo pran mezi prese prese pou redui ris inondasyon yo.

Dapre espesyalis yo, yonn nan premye bagay ki dwe fèt, se refè sistèm drenaj vil la. Li pa adapte ankò pou kantite kay ki fin konstwi yo. Fason lapli te konn tonbe nan tan lakoloni, se pa konsa li tonbe toujou. Men, anplis pase men nan ansyen enfrastrikti yo, dwe genyen nouvo travay ki reponn pi plis a fason pou vil la amenaje.

« Premye travay la se anlè li dwe kòmanse, dapre Michèle Oriol. Se nan basen vèsan yo, flan mòn kote kay konstwi yo, pou Leta travay avan li rive sou anba, kote dlo a dwe al tonbe nan lanmè a».

Li tou: 176 ans plus tard, la ville du Cap-Haïtien n’est toujours pas prête !

Pou enjenyè Cherfils, se yon gwo chantye men ki pa dwe tann. « Tout kanal, drenaj Okap yo ta dwe netwaye, epi larivyè Odikap la tou dwe drage, jouk kote l rive nan lanmè a. »

Genyen yon nouvo wout ki ap konstwi soti Odikap, pou al tonbe sou wout nasyonal nimewo 6 la. Wout sa a pase dèyè do ayewopò vil la. Dapre Michèle Oriol, se yon move lide k ap mete plis moun anba menas inondasyon. « Kote wout la konstwi a, se zòn dlo li ye. E depi gen wout, pral genyen plis konstriksyon tou ».

Pou responsab CIAT la, sèl kote vil la kapab agrandi, men ak anpil kontwòl, se nan pati Sid la. Sa vle di nan zòn Odikap. Kanta flan mòn yo ak ravin yo, dwe genyen mezi ki pran pou anpeche plis konstriksyon nan yo, epi kraze sa ki merite yo.

 

Foto kouvèti: Madi 1e Fevriye, 8è45 nan maten, Ba Vètyè. Ketlain Difficile



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.