Poukisa medya Ayisyen yo paka trete yon seri dosye menm jan ak gwo medya entènasyonal yo? – HB News


Fason laprès trete enfòmasyon sou asasinay ansyen prezidan Jovenel Moise la montre nou limit medya yo genyen an Ayiti. Yo ap fonksyone nan yon ekosistèm ki eksplike tout limit travay yo

An 2018, Leta Fransè depanse 4.5 milya ewo nan gwoup « audiovisuel » ki gen 17 mil anplwaye.  Nan gwoup sa a, genyen Radio Fance ki gen yon bidjè 630 milyon ewo pou ane 2021 an.

CNN gen anviwon 4000 jounalis sou planèt la k ap pwodui enfòmasyon sou rezo l yo chak jou. Pou ane 2014 la, CNN te gen yon bidjè 750 milyon dola ameriken.

Yon medya tankou The New York Times depanse plis pase yon milya ak 607 milyon dola (1.6milya) dola pou ane 2020 an. The New York Times ki gen 4500 anplwaye gen lajan ki plis pase mwatye bidjè peyi d Ayiti ki genyen plis pase onz (11) milyon moun k ap viv ladan l. Medya sa a genyen pami anplwaye l yo, 1700 jounalis nan 160 peyi.

Donk, nou pa kapab konpare pèfòmans medya etranje sa yo, san nou pa konsidere mwayen materyèl ak finansye ki fè yon fonksyone.

Anplis gwo mwayen medya sa yo genyen, yo travay nan yon ekosistèm ki enpoze otomatikman yon kalite travay.

Pa ekzanp, medya Ozetazini yo avanse anpil nan pwodiksyon kontni dijital ak miltimedya. Youn nan prensipal rezon ki eksplike sa, se paske, pi gwo konpayi nimerik yo se Ozetazini yo ye. Nan klasman Forbes fè sou 100 pi gwo konpayi nimerik yo, uit (8) nan dis (10) premye yo se konpayi ameriken.

Se menm jan tou, Etazini genyen kenz (15) pami ven (20) inivèsite pi gwo inivèsite nan mond lan ki genyen pami pi bon lekòl jounalis yo.

Yon lòt detay ki enpòtan, se kantite lajan ekosistèm nan ap brase. Pou w konprann nivo richès Etazini, gen yon konparezon ki fèt chak ane sou kantite richès chak eta yo pwodui pa rapò ak richès lòt peyi nan mond lan. An 2019, eta Ilinwa ki Etazini pwodui menm kantite richès ak Arabi Sawoudit. Nan menm ane sa a, eta Arizona pwodui menm kantite richès ak peyi Izrayèl. Kalifòni pwodui menm kantite richès ak peyi End ki se senkyèm peyi ki pi rich nan mond lan. Nan sans sa a, Kalifòni pi rich pase Angletè, pase Lafrans, Kanada, Itali oubyen Brezil.

Men, se pa plis lajan ki fè pi bon medya !

Menm si lajan se yon eleman ki enpòtan pou medya yo ekziste ak pwodui kalite, sa pa eksplike li otomatikman pwodui pi bon kalite. Nan domèn pwodiksyon enfòmasyon, fon travay la toujou gen plis enpòtans pase fòm nan.

Gen anpil envestisman ki fèt nan fòm medya yo ap pwodui kontni yo, yon fason pou adapte ak evolisyon teknoloji yo ak pou pwovoke plis moun konsome kontni sa yo.

Tan n ap viv la montre n, malgre gwo peyi yo ap pwodui plis richès chak ane, kalite medya yo ap bese. Modèl ekonomik sistèm kapitalis la vin fè gen yon fason lajan antre nan medya yo, li kraze kalite travay yo. Gen anpil moun rich ak gwo konpayi ki envesti nan medya yo yon fason pou yo ka kontwole sa k ap soti ladan yo. Sa vin gen yon enpak dirèk sou kalite kontni ak enfòmasyon medya yo ap pwodui.

Jounal Le Monde Diplomatique gen yon travay enteresan li fè, kote li montre fason yon ti gwoup moun ki rich an Frans yo domine mache enfòmasyon ak divètisman an. Moun sa yo ki posede pi gwo gwoup medya yo, gen envestisman nan sektè zam, enèji, konstriksyon, komès ak anpil lòt bagay. Chak fwa biznis moun sa yo enplike nan yon dosye, medya yo pa trete enfòmasyon an ak objektivite.

Ozetazini, se sis (6) konpayi prive ki posede 90 pousan medya yo.

Jodia, gen yon kriz demokrasi nan peyi Oksidantal yo. Youn nan fason kriz demokrasi sa a manifeste, se nan fason sitwayen yo pa fè medya yo konfyans. Pa gen okenn demokrasi ki fonksyone san pa gen yon Laprès ki lib k ap pwodui enfòmasyon .

Medya ki rele FOX News la Ozetazini se yon ekzanp ki eksplike fason gwo lajan pa fè pi bon medya. FOX News gen 18 ane youn dèyè lòt kote li se premye chèn enfòmasyon moun plis gade Ozetazini. Li se yon medya ki apiye san kache pawòl ak politik rasis ansyen prezidan Donald Trump.

Kat laprès pa bay aksè otomatikman ak enfòmasyon

Gen moun ki panse, yon jounalis gen aksè otomatikman ak tout enfòmasyon li vle. Poutan, pou yon jounalis jwenn bon jan enfòmasyon, se yon travay ki konplike. Sitou lè se enfòmasyon ki gen yon karaktè sansib, tankou enfòmasyon sou dosye kòripsyon.

Jeneralman, yon bon jounalis oubyen yon bon medya reprezante yon menas pou moun ki nan pozisyon pouvwa yo. Se paske youn nan misyon prensipal laprès, se kontwole aksyon moun ki nan pozisyon pouvwa yo ak devwale manti, kontradiksyon ak tout sa ki pap mache byen.

Se pou rezon sa yo, jounalis yo devlope rapò ak yon seri moun ki se sous enfòmasyon pou yo. Pou yon moun oubyen yon enstitisyon devwale yon enfòmasyon, fòk li gen enterè l ladan l. Pafwa enterè sa, se jis yon volonte pou patisipe nan fè limyè jayi.

Anpil fwa, medya etranje yo pwodui bon dosye ki konsène Ayisyen. Gen anpil Ayisyen ki toujou kritike jounalis Ayiti yo paske yo pa rive pwodui kalite travay sa yo.

Gen yon seri dosye ak repòtaj sou Ayisyen, se medya ak jounalis etranje ki pi fasil pou pwodui yo. Pami rezon ki eksplike sa, se reverans Ayisyen jeneralman bay moun ki gen po Blan. Anpil jounalis Blan rive pwodui repòtaj sou yon seri dosye an Ayiti, se paske yo jwi sa yo rele « Pivilèj Blan an»  (White privilege an anglè). Nan sistèm rasis n ap viv la, gen yon seri moun ki jwi yon seri privilèj senpman paske po yo blan. Se sa ki « White Privilege » la. Se yon reyalite nou viv an Ayiti depi lontan.

Kote yon polisye ap alèz pou l frape yon jounalis Ayisyen epi kraze materyèl li, li ap ezite anpil anvan li fè yon etranje sa.

An Ayiti, moun ki nan pozisyon pouvwa -lajan ak politik- pa mete Ayisyen nan sant enterè yo.

Anpil fwa, dirijan nan Leta a estime yo pa dwe okenn moun eksplikasyon sou travay yo. Paske, yo pran desizyon sèlman nan sans ki pou satisfè blan an. Ti kras pèfòmans nan enstitisyon piblik yo depann de jijman oubyen rekòmandasyon Blan an. Se pou sa, dirijan Ayisyen an gen konviksyon moun li dwe bay eksplikasyon se Blan an. Chak fwa yon jounalis etranje mande yon dirijan entèvyou, li pi fasil pou l jwenn li pase yon jounalis lokal.

Yon repòtaj tankou « Les nantis d’Haïti », se yon travay ki pratikman enposib pou jounalis Ayisyen ta fè. Se paske Arnaud Robert ak Paolo Woods se blan ki fè boujwazi a ouvè pòt li alèz ba yo.

Nan pratik mwen pèsonèlman kòm jounalis, mwen konn itilize kòlèg etranje blan pou mande Ayisyen entèvyou, paske m konnen si se yon Ayisyen ki kontakte yo, yo pap bay sa enpòtans.

Menm jan sa valab pou dirijan yo, li valab pou anpil sitwayen nou ka rele òdinè. Anpil fwa moun yo pi ouvè pou pale ak jounalis blan yo sou reyalite lavi yo. Sa konn bay jounalis etranje yo yon avantaj nan jwenn eleman ki pou ranfòse kalite travay yo anplis mwayen materyèl yo dispoze.

Piblik la dwe kontribiye nan bon medya

Gen yon pwovèb lakay ki di : « Mezi lajan w, se mezi wanga w ». Se reyalite sa ki valab pou medya ak laprès. Santi bon, gen yon pri.  Si nou vle medya bon kalite, fòk nou konnen li koute lajan.

Si w ta pran yon jounalis k ap touche swasant mil goud chak mwa, lajan li rantre pandan yon ane pap sifi pou achte yon trepye kamera kèk gwo chèn televizyon entènasyonal ap itilize. Gen anpil ti ekzanp konsa nou ka pran pou montre diferans nivo ekonomik kèk medya etranje pa rapò ak sila ki Ayiti yo.

Bon kalite pwodiksyon enfòmasyon mande lajan pou ekipman ak lajan pou peye moun. Piblik la dwe panse kontribisyon l enpòtan nan garanti kalite sa a.

Si HB News ta deside voye yon ekip al kouvri yon evenman k ap pase sou fwontyè Wanament, travay la ap mande depans nan transpò, nan manje, nan ebèjman, nan kominikasyon. Jeneralman, anpil moun k ap konsome enfòmasyon pa konprann kijan sa mande lajan, anplis risk ki genyen nan metye a.

Lè yon medya depeche yon ekip jounalis li sou tèren an, medya peye avyon, lwe machin, peye chofè, otèl, manje ak tout lòt frè. Anplis, jeneralman jounalis yo gen ekipman pi bon kalite pase ekipman jounalis lokal yo abitye itilize. Jounalis etranje sa yo ki jeneralman blan, jwenn benefis privilèj koulè po yo anplis kapasite yo genyen pou yo fè rezotaj nan sant administrasyon politik la. Tout sa yo eksplike diferans travay yo.

Anplis, jounalis sa yo fonksyone nan yon kontèks ki ba yo aksè ak yon rezo moun ki gen enfliyans. Rezo sa a konstwi nan modèl lekòl ak inivèsite yo pase, ak pwa enstitisyon yo travay la. Se sa direktè jounal Le Monde Diplomatique la, Serge Halimi, adrese nan yon liv ki rele « Les nouveaux chiens de garde ». Gen yon fim dokimantè ki fèt sou liv sa a.

Donk, n ap konprann, si yon medya Ayisyen bezwen enfòmasyon nan men FBI sou avansman ankèt lanmò Jovenel Moise la, l ap konplike pou l konnen kiyès pou l kontakte. Men, li pi fasil pou yon jounalis Ameriken oubyen Anglè kontakte yon sous li konnen anndan biwo a, pou ba li enfòmasyon.

Piblik la toujou fè medya yo gwo ekzijans san yo pa panse ak reyalite pwodiksyon enfòmasyon an. Piblik la dwe aprann kontribiye nan mete mwayen pou l jwenn kalite ekzijans li genyen an.



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.