Pwomès viza pou etidyan nan Sendomeng poko janm ka ateri – HB News


Etidyan ayisyen yo nan pwoblèm

Etidyan ayisyen nan Sendomeng toujou nan gwo difikilte pou jwenn paspò yo ak tout viza etidyan an, jan konsila Ayiti nan Sendomeng te pwomèt yo sa nan dat 7 me 2021, lè yo te anonse yo jwenn yon antant ak otorite dominiken yo sou dosye sa a. Se rezon sa ki te pouse konsila Ayiti a mande prese prese pou tout etidyan ayisyen sou tè dominiken an pote paspò yo ak lòt dokiman nesesè pou te kapab aplike pou viza a sa a.

Soti dat sa a pou rive jodi a, kantite etidyan ki resevwa paspò yo ak viza sou li piti anpil. Te gen prèske twa mil etidyan ki te gentan postile nan kad prosesis sa a. Jounen jodi a, anpil ladan yo ap plenyen yo pa janm resevwa paspò yo. Lòt pwoblèm ankò, gen anpil lòt ki te depoze dosye yo ki jwenn paspò yo san viza a ladan.

Pou Santiago, se 1 300 paspò etidyan ki te depoze nan pwosesis la. Se prezidan regwoupman etidyan yo nan vil Santiago, Taylor Joseph, ki bay chif sa a. Se li menm ki t ap fè lis etidyan epi analize ak verifye ak administrasyon inivèsite UTESA, si etidyan yo enskri vrèman nan sesyon kote pwosesis kesyon viza a lanse a.  Se aprè validasyon inivèsite a li transfere lis sa ak tout paspò yo nan anbasad ayisyen an.

Pou vil Santiago, se 190 paspò yo te rive resevwa nan tout sa ki te depoze yo. « Dènye lo paspò anbasad la te rele m vin pran, yo te di m se 46 men se 36 yo te livre nou.  Mwen pa konn si se magouy yo fè nan anbasad la pou yo te fè pase etidyan pa yo ki pa t nan lis la », Taylor Joseph deklare.

Nan kapital Santo Domingo se 1 522 paspò ki te gentan ale jwenn anbasad ayisyen an, daprè John Wesly Chérilus, ki jwe menm wòl ak Taylor Joseph nan rejyon Este Repiblik Dominikèn. Kidonk se prèske 2 800 etidyan ki te patisipe nan pwosesis regilasyon sa a ki te lanse pandan mwa me a. « Genyen sèlman 700 paspò ki remèt nan 1 522 ki te depoze yo. Men se pa tout ki vini ak viza a ladan yo », selon sa John Wesly Chérilus deklare.

Nan kantite paspò ki remèt yo se pa tout ki gen viza sou yo. Sa ki pa gen viza yo, se sila yo ki pa t rete anpil tan pou yo ekspire alòske imigrasyon dominiken te mande fòk paspò a rete pou pi piti 6 mwa sou li pou li mete viza sou yo. « Gen etidyan paspò yo te rete 9 osnon 8 mwa pou yo ekspire. Kòm yo pa kenbe dat 22 jou yo te bay pou yo te gentan remèt paspò a ak viza a, sa vin fè paspò anpil etidyan ekspire nan men yo », se sa Chérilus ajoute.

Selon jounal dominiken Diario Libre, se etidyan ayisyen yo ki resevwa mwens viza etidyan. Alòske, yo reprezante pi gwo mòso nan kantite etidyan etranje ki nan peyi sa a. Nan lane 2019, se sèlman yon grenn viza etidyan popilasyon etidyan ayisyen an te resevwa sou tout demann yo te fè. Pou ane 2018 la, se te sèlman 31 yo te jwenn.

Daprè chif ki disponib nan yon etid ki te fèt nan lane 2017, genyen 40 000 etidyan ayisyen ki ap etidye nan inivèsitè lòtbò fontyè a. Li posib pou chif sa ta double osnon triple pandan 4 dènye ane sa yo, sitou akòz jan sitiyasyon peyi a vin pi konplike ak pwoblèm sekirite, politik ak ekonomik.

Ofisyèlman paspò yo te kòmanse depoze depi 12 me pase nan anbasad Ayiti nan Sendomeng. Etidyan ki nan rejyon Este tankou nan kapital peyi Sendomeng ak lòt vil ki tou pre li yo, te gen pou yo te depoze paspò yo nan anbasad ayisyen nan Santo Domingo. Etidyan nan rejyon Norte, ki gen ladann, Santiago, Puerto plata, San Franciso de Marcoris, Las Vega te depoze pyès yo nan konsila jeneral ayiti genyen ki nan vil Santiago a.

Anbasad Ayiti nan peyi Sendomeng nan te fè sòti yon nòt depi nan mwa me pou fè konnen pwosesis la ap dire pou pi plis 15 pou rive 22 jou. « Sa ki pi rèd la, anbasad la te fè sòti yon lòt nòt pou di  etidyan yo ap resevwa 200 paspò chak semèn pou jouk yo fini ak prosesis la. Men kounye a, nou gen plis pase de mwa depi pyès lis pa janm soti », daprè sa Mike Carly Charlotin di. Li se pòt pawòl regwoupman etidyan ayisyen nan inivèsite Universidad Technologica de Santiago (UTESA).

Se viza etidyan ki bay posibilite pou yon etidyan fè demand pèmi etid li nan peyi Sendomeng. San pèmi an, okenn ayisyen ki ap etidye lakay vwazen an pa kòrèk nan je otorite dominiken yo. « Mwen depoze paspò mwen nan anbasad la depi 24 me. Jouk jounen jodi a, mwen pa rive jwenn dokiman pa mwen an pou m ta ka fè pèmi etid mwen », se konsa Mike Carly Charlotin, etidyan nan domèn medsin nan UTESA ap plenyen.

Genyen sèlman 700 paspò ki remèt nan 1 522 ki te depoze yo. Men se pa tout ki vini ak viza a ladan yo

Malgre tout mankman sa yo ki gen nan pwosesis la, anbasad la pa janm fè sòti yon nòt pou enfòme etidyan yo sou ki jan sa ap vanse ak pou ki rezon yo pa janm resevwa paspò depi plis pase 2 mwa a. « Otorite ayisyen yo pa gen kouraj pou tabli yon kozri sou pwoblematik viza a ak enpòtans paspò yo pou yon etidyan ayisyen. Ti efò pou jwenn viza sa a k ap fèt la a, se paske otorite dominiken yo vle fè li. Men pa gen pyès metòd travay otorite konsilè ayisyen yo defini pou sa a », sa a se deklarasyon Taylor Joseph, prezidan regwoupman etidyan ayisyen yo nan vil Santiago.

Etidyan ayisyen nan vil Santiago yo pa t vle rete ak baboukèt nan bouch yo. Se poutèt sa nan jounen 30 septanm 2021 an, yo te oblije pran beton an, kanpe devan konsila a pou eksprime tout sa y ap andire dèske yo rete nan yon peyi san paspò depi prèske 5 mwa. Men sa pa t mache vrèman, paske se ak kout baton lapolis, otorite nan konsila ayisyen yo te fè akeyi yo. « Genyen 7 etidyan ki sòti blese, pami yo gen youn ki lopital jiskaprezan. Aprèsa, gen prèske 15 lòt lapolis te fouke ki rive pase nwit nan prizon », Selon sa etidyan finisan nan medsin Taylor Joseph esplike.

Gras ak tit pòt pawòl etidyan ayisyen Mike Carly Charlotin genyen an, li ba li yon posibilite anpil lòt etidyan pa genyen. Sa pèmèt otorite nan anbasad la konn reponn li kèk mesaj lè yo sou sa, selon sa li di. « Otorite ayisyen yo nan anbasad la di nou pwoblèm nan pa sòti bò kote pa yo men se pito otorite dominiken yo ki pran tan ak pwosesis la ki fè anpil paspò pa gentan remèt ak viza a deja. »

HB News te eseye rantre an kontak ak minis afè etranjè a, Claude Joseph, epi ak responsab depatman etidyan yo nan anbasad Ayiti nan Sendomeng. Men yo pa t jan m vle reponn apèl sou sijè a byenke HB News te kite mesaj pou yo. 

Viv san paspò nan peyi vwazen an se pa yon bagay ki fasil pou etidyan dominiken yo. Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC) ki konprann sa, te soti yon nòt 5 oktob ki sot pase a pou li rale zòrèy otorite yo sou sa pwoblèm sa. Malgre sa a, anyen pa mache.

Anpil fwa, se viza touris etidyan oblije vin mete Ayiti chak ane. Konsa yo voye tyeke paspò a chak mwa osnon chak 3 mwa nan imigrasyon ayisyen ak dominiken ki sou fwontyè a. Viza touris la diferan ak viza E imigrasyon dominiken bay pou etidyan yo. Viza touris la dire yon lane, alòske viza E a valab pou 4 lane.

Lire aussi: Ces parents haïtiens envoient leurs enfants à l’école en République Dominicaine

Se sa ki fè, si paspò etidyan an gen plis pase 3 mwa ak yon viza touris san li pa tyeke, nenpòt ajan imigrasyon dominiken ki ta kenbe li ap voye l tounen Ayiti paske li ilegal nan peyi a. Men sa gen prèske senk mwa depi etidyan yo oblije rete san paspò yo akoz pwosesis la kanpe nan wout. « Lè konsa, nou oblije limite deplasman nou yo pou evite rankontre ak ajan imigrasyon dominiken. Lòt bagay ankò, se paske gen anpil sèvis ki limite pou nou. Dayè etidyan yo pa kapab fè pyès demand atestasyon nan inivèsite yo, san yo pa gen paspò yo », daprè sa Taylor Joseph di.

Lòt pwoblèm, se paske yo pa kapab resevwa tranfè lajan paran yo ki Ayiti ap travay voye ba yo. « Nan sans sa, nou oblije nan plenyen bay zanmi pou yo kapab asepte pou paran nou voye transfè epi ale retire l ak paspò yo pou nou », daprè sa John Wesly Chérilus, yon lòt etidyan nan medsin nan inivèsite UTESA rapòte.

Pandan ane 2020 an, sitiyasyon an pat twò difisil pou etidyan yo ki souvan ap fè fas kare ak ajan imigrasyon dominiken. Devlopman maladi kowonaviris la, te fè yo rete lakay yo pandan yon bon bout tan, epi suiv tout kou nan inivèsite yo an liy. « Men kounye a li pa konsa ankò. Gen kou e inivèsite a mande fòk nou prezan nan espas fakilte a pou nou suiv li. Konsa, zizirit pa janm sispann pran nou akòz nou pa ta swete rankontre ak ajan imigrasyon pandan nou sou wout pou ale nan fakilte nou », se konsa Chérilus eksprime enkyetid li.  

Pou Mike Carly Charlotin evite tout kontrent sa yo, li te oblije vin rete pi pre inivèsite li. « Men malgre sa, mwen oblije pran moto osnon indriver pou mwen ale nan kou. Mwen evite mache a pye yon fason pou ajan imigrasyon pa mete men sou mwen paske menm kat etidyan inivèsite a bay la pa valab nan je yo toutotan yo pa wè pèmi etidyan osnon paspò a tyeke nòmalman. »

Pwoblèm viza a pa sèlman touche etidyan ki ap etidye lakay vwazen an. Anpil migran ayisyen ki ap evolye sou bout tè dominiken an konfwonte ak pwoblèm sa a epi fè fas chak jou ak move trètman nan men otorite imigrasyon dominiken.

 

Photo de couverture: Ambassade Haiti en République Dominicaine

Crédit Photo: John Wesly Chérilus



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.