Temwanyaj kèk jèn inivèsitè k ap fè taksi moto nan Pòtoprens – HB News


Moto an peye pi byen pase fè kou nan lekòl oubyen lòt metye, pou anpil nan yo

Mackenson Merilus se yon jèn ki renmen pataje sa li konnen ak moun. Nan ane 2013, li antre Lekòl Nòmal Siperyè kote li t ap etidye Matematik. Nan menm ane a, li kòmanse anseye nan plizyè lekòl prive. Men yo pat konn ba l gwo lajan. « Genyen ki te konn banm 75 goud pa lè. Genyen tou ki te konn banm 100 goud aprè anpil retisans. Men mwen te oblije dakò menm si kòb la te piti anpil », Makenson di. 

Ansyen etidyan Jeni Sivil (2011) nan Inivèsite Leta (FS-ILA) a te oblije travay nan 3 lekòl pou 10 000 goud te ka antre nan men l chak mwa. Sa ki te bay anviwon 300 goud pa jou. Se youn nan rezon ki fè jounen jodi a, Matematisyen sa a ap fè taksi moto. Gras ak chwa sa a, Makenson rive marye, okipe premye pitit fi li ki gen 3 lane, epi peye 3 chanm kay Dèlma 75 pou l rete ak fanmi l. Antretan, nòmalyen siperyè a achte 3 santyèm tè Laplèn pou l konstwi pwòp kay pa l.

Gen anpil jenn ki rive lwen epi menm fini inivèsite yo ki pa rive jwenn travay nan domèn yo. Pou opòtinite ekonomik, genyen ki al fè taksi. « Moto a bay plis avantaj ke ansèyeman sou plan ekonomik », Makenson, 36 lane, deklare.  

Gen ladan yo ki regrèt chwa sa. « Depi timoun mwen renmen ansèyman, Makenson eksplike. Mwen te konn anime atelye travay ak elèv parèy mwen lè mwen te nan segondè Lise Daniel Fignolé. Se pasyon m pou domèn sa ki te fè m antre ENS. Men peyi m pa ankouraje moun k ap fè efò ». 

Pa vrèman gen chif ki montre konbyen moun k ap fè taksi moto an Ayiti selon ekonomis Enomy Germain. Men jounen jodi a, anpil jèn ayisyen lage kò yo nan pwofesyon sa. Gen moun se pwovens yo kite pou vin chèche lavi Pòtoprens. Genyen se paran yo ki mouri, ki oblije chèche yon mwayen pou yo antre lajan. Gen moun ki gen pwofesyon, ki boukle etid inivèsite yo, men akoz yo pa jwenn djòb fasil, osnon travay yo jwenn yo pa peye yo byen, yo oblije jwenn yon lòt altènativ pou antre lajan yon lòt fason. 

Lire aussi: Le transport public à moto n’est pas reconnu par le Code de la route en Haïti

Sòl 250 goud chak jou

Volney Casimir, yon jèn 29 lane ki etidye elektrisite batiman nan Salésien, pwomosyon 2016 – 2018, jounen jodi a ap fè taksi moto. Kontrèman ak anpil lòt moun, Casimir pa abandone pwofesyon elektrisite a nèt. Li konn travay pou kèk kliyan lè li jwenn djòb. L ap anseye tou nan youn nan pi gwo lekòl pwofesyonèl ki gen nan peyi a. Sof ke li pa bay ansèyeman an tout tan l. « Mwen anseye anviwon 20èd tan pa semèn. An rezon de 4èd tan pa jou. Rès lè a, mwen konsakre l ak taksi moto a ». 

Stanley Larose bò kote pa l, yon lòt jèn chofè taksi moto, esplike HB News ke li fè chwa sila paske li reyalize l ap ba l plis lajan chak jou ke si li te kontinye ap travay sou pwofesyon l ki se fewonri. 

« Mwen te konn fè recho ak baryè an fè nan yon chòp fewonri Dèlma 32. Men se pa tout lè mwen jwenn kliyan ki banm djòb. Sa ki te fè lajan pa antre nan men m fasil ». Jèn gason sa di taksi moto a se pi bèl chwa li te ka fè nan vi l. Paske selon remak li fè « moun sikile sou moto chak jou. Men se pa chak jou moun fè baryè ak recho mete lakay yo. »

Gen moun ki gen pwofesyon, ki boukle etid inivèsite yo, men akoz yo pa jwenn djòb fasil, osnon travay yo jwenn yo pa peye yo byen, yo oblije jwenn yon lòt altènativ pou antre lajan yon lòt fason.

Clizou Compère, yon jèn gason k ap travay yon kote yo moulen pistach, di li paka tann pou li kite « vye djòb » sa a pou achte moto pa l la. « Mwen antre nan yon sòl 250 goud chak jou. Pafwa mwen rete san manje pou mwen peye l. Sòl la gen 20 moun ladan l. M ap touche l pou 1, pou 2 m ap achte moto a. »

Taksi moto pa gen bon repitasyon ann Ayiti. « Travay se libète. Tout sa lalwa ak moral pa entèdi bon pou fè lajan, depi w ka reyisi ladan l, depi w santi w byen ladan l » Volney Casimir replike.

Mackenson bò kote pa l di li pat konfòtab lè li te fenk abandone ansèyeman pou l al nan taksi moto. Men li te vin reprann fòs li lè li te vin rann li kont se pa sèlman li menm ki nan sitiyasyon sa. « Pandan mwen nan moto a, mwen rankontre anpil moun ki gen pwofesyon, ki fè fakilte… ki nan trafik moto. Mwen vin rann kont ke se sitiyasyon peyi a ki lakoz. »

Plizyè kategori envestisè

Moto a gen plizyè kategori moun k ap fè kòb ladan l.  Gen yon premye kategori ki se envestisè. Moun sa yo achte moto pou bay moun travay pou yo. Envestisè a ak chofè taksi moto a pase yon kontra bilateral ki detèmine konbyen kòb chofè a ap bay chak semèn, epi aprè konbyen mwa tou moto a ap vin pou li. Nan tou 2 ka sa yo, tou 2 fè gwo pwofi.

Jean Tony, yon pratisyen nan dwa k ap travay Pakè Pòtoprens, gen 1 moto k ap fè trafik pou li. Moto sa a koute misye 100 000 goud. Chofè ki gen kontra a dwe ba li 3 mil goud chak samdi pandan 12 mwa. Aprè peryòd sa a, kontra a ap fini. Moto a ap pou chofè a. Men Jean Tony ap gentan fè 156 mil goud. Sa vle di, l ap fè yon pwofi 56 mil goud, swa plis ke 50% kòb li te achte moto a.

Moun k ap travay sou moto a fè anpil pwofi tou. « Mwen achte moto m nan an 2019, Mackenson Merilus rakonte. Depi premye mwa a, mwen te tou antre nan yon sòl. 7 mwa aprè, mwen te gentan fè plis ke 75 000 goud, swa kantite lajan moto a te koute m nan. »

Moun sikile sou moto chak jou. Men se pa chak jou moun fè baryè ak recho mete lakay yo.

Sa vle di, yon chofè taksi moto pa ta dwe gen pwoblèm manje ak pwoblèm lojman. Si sa rive, se paske chofè sa a pa konn jere lajan. Ansyen etidyan Ekòl Nòmal la di pa jou, lè pa gen gwo aktivite nan lari a, li konn antre lakay li ak 1000 goud lè li fin retire kòb manje ak kòb gaz. « Men lè gen afè tou, tankou lè desanm, lè gen lekòl… mwen konn fè 4 500 goud alèz ».

Bò kote pa l, Volney Casimir ki valè pwofi li fè nan taksi moto a. « Mwen peye yon sòl 5 000 goud chak samdi. Pou mwa a, mwen sòti peye 20 000 goud. Mwen gen plizyè lòt ti sòl ankò mwen antre ladan yo. Men yo pa peye twò chè ». Elektrisyen pwofesyonèl la di li konsyan ke li pa t ap kabab fè tout efò sa yo si se pat moto a paske non sèlman lekòl kote l ap travay la pa janm peye a lè, men li pa jwenn djòb sou elektrisite a fasil tou.

 

Byenke taksi moto a gen anpil pwofi ladan l, sa pa anpeche li gen anpil risk tou. Selon Jean Tony, li pa toujou fasil pou w jwenn yon chòfe ou ka fè konfyans pou w bay travay sou moto a. « Nèg la ka fin dakò l ap peye w 2,500 goud chak wikenn, epi aprè 2 mwa li kòmanse ap ba w ratman, sou pretèks li pa fè ase lajan. Konsa tou, li ka vann moto a epi li di w se vòlè ki pran l nan men l.  Poutan se manti. Pou rezon sa a, li toujou enpòtan pou w byen chwazi moun w ap bay moto a nan kontra ».

Sou pwen sa a, Erickson Larose ki se kouzen Stanley Larose, eksplike kòman li pèdi plizyè moto. « Sòti 2018 pou rive jodi a, mwen gentan pèdi 3 moto. Premye a se Lapolis ki te pran li nan men m. Papye moto a te gen pwoblèm. Lapolis te sezi l epi ban m kontravansyon. Aprè anpil demach, mwen wè se nan betiz y ap pase m, mwen reziye m mwen bal vag. Kanta pou 2 lòt yo, gen youn se vòlè ki te rale zam sou mwen. Lòt la se kote mwen konn pakin li leswa a yo te vòlè l. »

Anplis de sa, paske anpil krim ki fèt nan peyi a se moun sou moto ki fè l, sa vin fè anpil moun pran chofè moto pou move moun. Volney Casimir viv prejije sa deja. « Jou ki te samdi 9 oktòb la, yon polisye joure yon chofè moto prezans mwen. Li di tout chofè moto se vòlè. Sa ki te fè m panse ak tèt mwen epi anpil lòt jèn onèt mwen konnen k ap fè trafik moto. » 

Lè Volney panse ak tout bagay sa yo, mete sou sa aksidan moto ki se yon lòt gwo risk, li di nan pa lontan l ap kite trafik moto, l ap fè yon biznis pito. 

Photos: Carvens Adelson / Ayibopost



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.