Yon pakèt Ayisyen ap pase yon moman difisil sou fwontyè Etazini-Meksik la – HB News


 Gouvènman ameriken an mete plizyè avyon pou depòte yon pakèt imigran Ayisyen

Nan Eta Tekzas Ozetazini, gen yon zòn ki rele Del Rio ki konekte ak peyi Meksik. Gen yon pon ki rele pon Del Rio ki konekte de (2) peyi yo. Se la, gen plis pase katòz mil moun ki rasanble nan lespwa pou rantre sou teritwa ameriken an. Pifò nan moun sa yo, se Ayisyen dapre sa otorite nan zòn nan deklare.

Anpil nan Ayisyen ki sou fwontyè Meksik la soti nan peyi Brezil ak Chili. Ayisyen sa yo te pati nan epòk peyi Brezil te gen anpil pwojè konstriksyon enfrastrikti pou òganize Koup di mond ak jwèt Olenpik yo. Lè sa a, Ayisyen yo te jwenn travay nan peyi Brezil. Apre sa, te gen yon vag migrasyon nan peyi Chili. Yon nouvo gouvènman nan peyi Chili te ranfòse politik migrasyon yo an 2018, yon fason pou limite kantite Ayisyen k ap antre yo.

Akoz yo pa rive jwenn travay nan peyi Brezil ak Chili, anpil nan Ayisyen sa yo eseye ale Ozetazini. Gen anpil lòt Ayisyen ki soti dirèkteman an Ayiti ak Sendomeng, pou ale sou fwontyè Meksik la tou.

Sila yo ki soti an Amerik Latin yo travèse plizyè peyi pou rive Ozetazini. Jeneralman, yo fè wout la apye. Yo travèse anpil forè ak rivyè, kote pafwa, bèt sovaj atake yo oubyen rezo mafya eksplwate yo. Genyen ki pa rive nan bout vwayaj la. Yo mouri nan wout akoz grangou, feblès, blese oubyen maladi.

Nan Ayisyen mwen rankontre nan vil Del Rio nan eta Tekzas, genyen ki di m yo gen plis pase de (2) mwa depi y ap vwayaje anvan yo rantre sou fwontyè Etazini ak Meksik la. Genyen, ki fè vwayaj la kote yo pran bis, bato, moto, epi yo mache. Gen lòt ki pa gen mwayen lajan, yo fè wout la apye. Pami moun sa yo, gen diferan pwofil pwofesyonèl ak rejyonal. Gen anpil fanm ansent ak ti bebe pami yo. Anpil fanm akouche pandan vwayaj la.

Lè yo rive sou fwontyè a, ajan fwontalye yo pran moun sa yo, yo pote yo nan bis al mete yo nan yon sant. Se la, yo pran enfòmasyon ak done byometrik moun sa yo (anprent dwèt yo sitou). Apre sa, gen nan moun sa yo, administrasyon an deside kite yo rete nan peyi a. Moun sa yo dwe bay ki kote y ap abite. Donk, yo dwe bay referans moun k ap sipòte yo. Administrasyon an mete yon braslè elektwonik nan pye moun sa yo jeneralman. Konsa tou, gen ladan yo ki pa gen braslè a nan pye yo.

Braslè elektwonik sa a, yo mete l sitou nan pye prizonye, oubyen moun ki sou siveyans lajistis. Li difisil pou retire. Li pèmèt Leta ameriken lokalize kote moun sa yo ye sou teritwa a. Li ede otorite yo verifye si kote moun yo di yo prale a, se la yo ye tout bon vre. Nan ka mwen rankontre yo, lè gen yon fami ki gen manman, papa ak pitit, yo mete braslè a nan pye papa timoun yo. Gen papa pitit mwen rankontre ki pa gen braslè a nan pye yo. Dapre sa kèk ladan yo di m, otorite ameriken yo mete yon aplikasyon sou telefòn yo ki pèmèt yo lokalize ki kote yo ye.

Moun sa yo administrasyon ameriken an deside kite antre sou teritwa a, dwe pwouve yo gen moun ki pou akeyi yo lakay yo. Yo dwe peye tikè avyon pou y al jwenn moun k ap akeyi yo. Pandan tout vwayaj la, yo depanse yon pakèt lajan, nan traspò, manje,  kominikasyon, peye moun fè yo pase oubyen montre yo chemen pou yo pase. Gen depans ki fèt nan anpil lòt bezwen.

Moun sa yo mwen rankontre sou fwontyè a, jeneralman, se kèk òganizasyon ameriken ki gen volontè ki vin akeyi yo. Volontè ak pèsonèl òganizasyon sa yo, jeneralman pa pale kreyòl, sa ki fè, anpil fwa li difisil pou Ayisyen yo kominike ak moun sa yo k ap ede yo.

Mwen te vizite Ayisyen ki nan yon espas konsa. Oganizasyon an ba yo rad, soulye, manje ak dlo. Yo bay fanm ansent oubyen sila ki akouche yo materyèl pou ti bebe yo. Yo ede ayisyen yo oryante yo pou ale nan ayewopò Del Paso a. Men, fòk Ayisyen sa yo peye mwayen traspò yo.

Anpil fwa, ayisyen sa yo pa gen lajan nan men yo. Yo pa gen mwayen kominikasyon paske yo pa gen yon nimewo telefòn ki anrejistre Ozetazini, oubyen, yo pa gen aksè ak entènèt pou pale ak moun ki ka ede yo. Anpil ladan yo paka itilize mwayen transfè elektwonik pou peye pou diferan sèvis yo bezwen. Gen ladan yo ki oblije rete bò lari, anba stasyon gaz oubyen devan yon seri lòt biznis, pou pare lapli, pandan y ap tann moun ki pou ede yo.

Malgre Etazini gen omwens yon milyon Ayisyen k ap viv ladan, pa vrèman gen Ayisyen nan vil Del Rio k ap ede imigran Ayisyen parèy yo. Ayisyen ki pran wout fwontyè a bezwen moun ki pou ede yo. Ede yo nan koze tradiksyon, nan bezwen pou yo oryante yo ale jwenn sèvis yo bezwen. Gen moun ki bezwen medikaman, ki pa konn ki kote yon famasi ye. Gen nan moun yo ki pa menm konn ki kote pou yo al achte manje pou yo manje. Gen moun ki bezwen yon chajè telefòn pou l pale ak fanmi yo, yo pa konn ki kote yo kapab jwenn chajè sa a, menm si yo ta gen lajan pou achte l. Gen anpil ti detay konsa, ki se gwo blokaj pou Ayisyen sa yo ki fenk rive sou fwontyè a.

Anpil nan Ayisyen sa yo totalman dezoryante. Gen ladan yo, se lè yo fin rantre sou teritwa a, fanmi oubyen zanmi ki te fè yo pwomès pou akeyi yo a, koupe tout kontak ak yo.

Nan ra Ayisyen k ap ede konpatriyòt nou yo, mwen rankontre Guerline Jozef k ap dirije yon òganizasyon ki rele Haitian Bridge Alliance k ap ede Ayisyen ki migre Etazini yo. Guerline deplase ak ekip li pou bay Ayisyen Del Rio yo asistans. Li peye chanm otèl pou sila ki poko pran avyon pou l jwenn fanmi yo. Li fè kontak pou yo, li ede yo jwenn manje, dlo, medikaman ak lòt bagay ki enpòtan pou yo.

Apre pandemi Covid-19 la, se dosye Afghanistan ak migrasyon an ki okipe aktyalite nan medya ameriken yo nan moman an. Malgre prezidan Biden te montre li ouvè pou akeyi imigran yo, administrasyon l lan rive nan yon pwen kote l ap ranfòse dispozisyon pou moun yo pa rantre sou teritwa ameriken an. Lapolis bloke aksè wout pou rive sou pon Del Rio a. Menm jounalis paka pase. Sa rive redui nan medya yo kantite imaj k ap montre plizyè milye moun ki anba pon an. Administrasyon Biden nan anvizaje depòte Ayisyen sa yo an gwo kantite. Yo prevwa mete ant uit ak dis avyon chak semèn pou pote Ayisyen yo tounen an Ayiti.

Lè Joe Biden te vin prezidan Etazini, li te pran yon seri desizyon ki kanpe yon seri politik Donald Trump te mete an plas. Pami desizyon sa yo, Joe Biden te kanpe konstriksyon mi ansyen prezidan Trump te kòmanse sou fwontyè ki separe Etazini ak Meksik la. Nan sans sa a, anpil moun entèprete administrasyon prezidan Biden nan kòm yon administrasyon ki pi rilaks sou koze imigrasyon an. Nan deklarasyon politik li sou imigrasyon, Joe Biden te fè konnen : « Gen anpil jenerasyon imigran ki vin Etazini ak sèlman rad sou po yo, yon lespwa nan kè yo ak yon volonte pou yo viv moso rèv Ameriken pa yo. […] Imigrasyon se yon eleman esansyèl ki defini esans Ameriken. » Pami mezi li te di l ap adopte yo, li te di « Nou pral akeyi imigran yo nan kominote a ».

Depi sou prezidan Donald Trump, anpil moun ki soti an Amerik Latin te eseye rantre Ozetazini ilegalman sou fwontyè Meksik la. Administrasyon Trump lan te mete imigran sa yo nan prizon epi depòte yo jeneralman. Depi lè Biden prezidan an, kantite moun ki vin sou fwontyè Meksik la ogmante anpil anpil. Sa vin fè koze imigrasyon an tounen yon gwo kriz ekip Biden nan ap jere nan moman sa a. Anpil Repibliken kritike fason prezidan Biden ap kite yon pakèt milye moun antre ilegalman Ozetazini. Se nan sans sa a, prezidan an mete vis prezidant Kamala Harris responsab pou l chita yon plan repons ak pwoblèm nan.

Nan kòmansman mwa septanm 2021 an, adiministrasyon Biden nan te pran desizyon pwolonje stati TPS (Temporary Protected Status) Ayisyen yo pou jis 31 desanm 2022. Desizyon sa a te nan benefis anviwon 150 mil Ayisyen ki Etazini. Ayisyen ki rive sou teritwa ameriken an pou pi ta 29 jiyè 2021, gendwa aplike pou TPS la tou k ap valab jiska 3 fevriye 2023. TPS la pèmèt Ayisyen yo rete legalman ozetazini epi yo gendwa travay jiskaske li ekspire. Lè dat ekspirasyon TPS la rive, administrasyon an deside si pou l pwolonje l.



Related Articles

Responses

Your email address will not be published.